BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g22 no 1 p. 7-9
  • 2 | Pwoteje lajan w ak sa w posede

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • 2 | Pwoteje lajan w ak sa w posede
  • Reveye n! — 2022
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • POUKISA SA ENPÒTAN?
  • Sa w ta dwe konnen
  • Sa w ka fè kounye a
  • Fason w ka aprann viv ak mwens lajan
    Kèk lòt sijè
  • Fason pou n byen jere lajan
    Fanmi w ka gen kè kontan
  • Lajan
    Reveye n! — 2019
  • Yon moun ka viv ak sa l genyen — Ki jan sa ka fèt?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Reveye n! — 2022
g22 no 1 p. 7-9
Yon bòs chapant k ap sèvi ak yon mato pou l kloure yon bout bwa.

YON MONN TÈT ANBA

2 | Pwoteje lajan w ak sa w posede

POUKISA SA ENPÒTAN?

Anpil moun ap debat chak jou jis pou yo jwenn sa ki nesesè nan lavi a. Malerezman, tètchaje ki nan monn nan ka fè difikilte sa yo vin pi rèd toujou. Ki sa k fè sa?

  • Lè gen tètchaje nan yon zòn, sa fè lavi a vin pi chè, sa gen ladan l manje ak kay.

  • Kriz yo konn ogmante chomaj e yo redui salè moun yo.

  • Katastwòf yo ka andomaje oswa yo ka detwi biznis moun yo, kay yo oswa lòt bagay yo posede, sa ki ka lakòz yo tonbe nan mizè.

Sa w ta dwe konnen

  • Plis ou byen jere lajan w, se plis w ap ka reziste pandan yon kriz.

  • Sekirite nan domèn finansye pap toujou la; lajan w fè, lajan w ekonomize ak sa w posede ka pèdi valè yo.

  • Gen bagay lajan pa ka achte, tankou kè kontan ak inite nan fanmi.

Sa w ka fè kounye a

Men sa Bib la di: “Si nou gen manje ak rad, n ap kontante nou ak bagay sa yo.” — 1 Timote 6:8.

Lè nou kontante nou, nou limite anvi nou genyen yo e nou satisfè lè nou jwenn sa nou bezwen pou jounen an. Sa sitou enpòtan lè nou gen mwens lajan.

Pou nou kontante nou, nou ka bezwen ajiste fason n ap viv. Si n ap eseye achte sa nou pa ka posede, se jis pi mal sitiyasyon nou ap vin pi mal nan domèn finansye.

SA W KA FÈ — Kèk konsèy ki ka ede w

Pandan moman tètchaje yo, pwoteje lajan w ak sa w posede lè w suiv konsèy pratik sa yo

REDUI DEPANS YO

  • Yon dam aje k ap rekòlte kawòt nan yon jaden legim.

    Redui depans yo

    Pa depanse lajan nou nan okenn bagay nou pa bezwen toutbon. Mande tèt ou: ‘Èske m ka degaje m san yon machin? Èske m ka fè yon jaden legim?’

  • Anvan w achte yon bagay, mande tèt ou: ‘Èske m vrèman bezwen l? Èske m ka achte l?’

  • Chèche èd gouvènman an ap bay oswa èd imanitè si sa disponib nan zòn ou an.

“Nou te chita an fanmi e nou te egzamine fason n ap viv. Nou te anile oswa nou te redui kèlkeswa fòm detant ki te koute lajan. Epitou, nou te kòmanse fè manje ki koute mwens kòb.” — Gift.

FÈ YON BIDJÈ

Yon dam k ap sèvi ak yon kalkilatris epi k ap ekri detay ki nan yon resi.

Fè yon bidjè

Men sa Bib la di: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li, men, tout moun ki twò prese ap pòv kanmenm.” (Pwovèb 21:5). Yon bidjè ap ede nou asire nou depans nou yo pa depase kantite lajan ki antre nan men nou.

  • Premyèman, fè yon lis kantite lajan ki antre nan men w chak mwa.

  • Ansuit, idantifye sa n ap depanse pou mwa sa a, epi byen egzamine fason nou depanse lajan an.

  • Apre sa, konpare lajan ki antre nan men nou an ak depans nou yo. E si nesesè, idantifye sa nou ka redui oswa elimine pou nou pa depase kantite lajan ki antre nan men nou an.

“Chak mwa, nou fè yon lis lajan ki antre nan men nou ak sa nou depanse. Nou eseye kite yon kantite lajan pou lè gen ijans, e nou planifye pou pwochen depans nou yo. Grasa sa, nou gen mwens sousi paske nou konnen alavans ki fason nou pral sèvi ak lajan ki antre nan men nou.” — Carlos.

EVITE DÈT / FÈ EKONOMI

  • Yon manman k ap ede ti fi l la mete kòb nan yon bokal.

    Evite dèt / Fè ekonomi

    Fè yon bon plan pou nou redui dèt yo. Si posib, evite kèlkeswa dèt la. Olye de sa, fè efò pou n ekonomize pito pou n achte sa nou bezwen.

  • Chak mwa, mete yon ti kòb sou kote pou nou gen yon fon pou depans nou espere fè ak depans nou pa t swete fè pi devan.

TRAVAY DI / KENBE YON TRAVAY

Men sa Bib la di: “Kèlkeswa kalite travay di yon moun fè gen avantaj ladan l.” — Pwovèb 14:23.

  • Yon bòs chapant k ap sèvi ak yon mato pou l kloure yon bout bwa.

    Travay di / Kenbe yon travay

    Kenbe yon bon atitid anrapò ak travay. Menmsi se pa travay ou te toujou swete fè a, li ba w yon ti kòb kanmenm.

  • Fè efò pou w efikas nan travay ou e pou yo ka konte sou ou. Sa ka ede w kenbe travay ou, oswa menm, sa ka fè l pi fasil pou w jwenn lòt travay annapre.

“Mwen pran travay mwen jwenn nan, menmsi m pa renmen travay la, oswa salè a pa egzakteman sa m ta swete a. Mwen travay avèk konsyans e m travay byen. M bay bon kalite travay, kòmsi m t ap travay pou tèt mwen.” — Dmitriy.

Si w ap chèche travay. . .

  • Pran inisyativ. Rele biznis ki gen travay ou ka fè, menmsi yo pa fè konnen y ap ofri travay nan moman an. Fè zanmi w ak fanmi w konnen w ap chèche travay.

  • Se pou w adapte w. Li pa fasil pou w jwenn yon travay ki gen tout sa w ta vle yo.

Paran k ap diskite kesyon lajan pandan timoun yo ap jwe nan lakou a.

APRANN PLIS. Li atik “Fason w ka aprann viv ak mwens lajan.” Chèche tit la sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje