BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 1 p. 3
  • Èske w anba strès?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w anba strès?
  • Reveye n! — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan m ka rive fè fas ak strès nan lekòl?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ki sa strès ye?
    Reveye n! — 2020
  • Lis sijè yo
    Reveye n! — 2020
  • Ki sa w ka fè lè w anba strès?
    Reveye n! — 2020
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 1 p. 3
Yon dam nan travay li ki strese ki bese tèt li e ki tris anpil.

FASON W KA JWENN SOULAJMAN ANBA STRÈS

Èske w anba strès?

“Nan yon sèten mezi, tout moun konn strese, men mwen menm, mwen santi strès ap fini avè m nèt. Se pa jis yon sèl gwo pwoblèm ki fè sa, men se anpil sitiyasyon m ap travèse, anpil lit m ap mennen, ak anpil ane m genyen ki sanble pap janm fini depi m ap pran swen mari m ki gen maladi fizik ak mantal.” — Juliea.

“Madanm mwen te kite m, e m te oblije leve de timoun poukont mwen. Sa te rèd anpil pou mwen antanke yon paran k ap leve pitit li sèl. Anplis de sa, mwen te pèdi travay mwen, e m pa t gen ase lajan pou m repare machin mwen. M pa t konn sa pou m fè nan sitiyasyon sa yo. Strès te fini avè m nèt. Piske nan fon kè m, m te konnen se te yon bagay ki mal pou m touye tèt mwen, donk, mwen te sipliye Bondye pou l kite m mouri.” — Garry.

Menm jan ak Julie ak Garry, èske w konn santi strès ap fini avè w nèt? Si w konn santi w konsa, nou espere atik ki vin apre yo ap soulaje w e y ap ede w. Yo egzamine kèk bagay ki lakòz strès, efè strès kapab genyen sou nou ak fason n ka jwenn omwen yon sèten soulajman anba strès.

a Gen non moun yo chanje.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje