FASON W KA JWENN SOULAJMAN ANBA STRÈS
Ki sa strès ye?
Strès se fason kò w reyaji devan yon sitiyasyon difisil. Sèvo w lakòz òmòn anvayi sistèm ou. Sa fè kè w bat pi fò, li monte tansyon w, li fè souf ou wo e li fè mis nan kò w yo vin konsantre. Anvan w rann ou kont de sa k ap pase a, kò w gentan pare pou l reyaji. Lè moman strès la pase, kò w retounen nan nòmal li.
BON STRÈS AK MOVE STRÈS
Strès se yon reyaksyon natirèl ki fè w kapab fè fas ak sitiyasyon difisil oswa danjere. Se nan sèvo w reyaksyon an kòmanse. Bon strès la fè w kapab aji oubyen reyaji byen vit. Yon ti kantite strès kapab ede w tou pou w atenn yon objektif oubyen pou w fè pi byen, petèt pandan yon egzamen, lè w ap pase entèvyou pou yon travay oubyen pandan yon evènman spòtif.
Sepandan, lè w toujou anba gwo strès, sa ka fè w ditò. Lè kò w toujou sou tansyon, sa ka fè w soufri nan domèn fizik, afektif ak nan domèn mantal. Fason w aji, sa gen ladan l fason w trete lòt moun, kapab chanje. Lè w toujou anba strès, sa ka fè w lage kò w nan yon seri vye abitid ki pa bon pou sante w, tankou pran dwòg. Sa ka menm fè w fè depresyon, ou ka santi w about nan travay ou, e sa ka fè w gen ide touye tèt ou.
Menmsi strès gendwa pa afekte tout moun menm jan, li ka lakòz yon pakèt kalite maladi. E li ka gen efè sou prèske tout pati ki nan kò w.