2. Èske se nou ki lakòz soufrans nou yo?
Rezon ki fè sa enpòtan
Si repons lan se wi, nou ta dwe kapab diminye soufrans nou yo.
Fè yon ti reflechi
Jis nan ki pwen lèzòm responsab soufrans ki annapre yo?
Abi.
Òganizasyon mondyal lasante estime sou chak 4 granmoun, gen youn ladan yo yo te fè abi lè yo te timoun, e sou chak 3 fi, gen youn ladan yo yo te fè abi oubyen yo te fè abi seksyèl sou yo (oubyen toule de) nan yon moman nan lavi yo.
Lanmò.
Gen yon òganizasyon (WHO) ki pibliye yon statistik ki fè konnen: “Yo estime gen anviwon 477 000 zak asasinay ki fèt sou tè a nan ane 2016 la.” (World Health Statistics 2018). Mete sou sa, gen 180 000 moun yo panse ki mouri nan lagè ak konfli pandan menm ane sa a.
Pwoblèm sante.
Nan yon atik ki te parèt nan yon jounal, Fran Smith, yon ekriven, di: “Plis pase yon milya moun fimen, e tabak se youn nan bagay ki lakòz senk maladi ki fè plis moun mouri: maladi kè, stwok, enfeksyon respiratwa, maladi respiratwa ki grav ak kansè nan poumon.” — National Geographic.
Diferans ki gen nan sosyete a.
Gen yon sikolog, Jay Watts, ki di: “Povrete, diferans ki genyen akoz pozisyon sosyal, rasis, diskriminasyon akoz sèks yon moun, moun k ap kite zòn yo ak konpetisyon ant kilti, tout bagay sa yo fè gen plis risk pou yon moun gen yon pwoblèm mantal.”
CHÈCHE KONN PLIS
Gade videyo Poukisa Bondye te kreye tè a? ki disponib sou jw.org/ht.
Men sa Bib la di
Lèzòm responsab majorite nan soufrans ki gen nan monn nan jodi a.
Anpil nan soufrans yo se akoz gouvènman yo k ap toupizi moun ki fè lavi a difisil pou moun yo pretann y ap sèvi yo.
“Moun ap domine sou moun pou fè yo soufri.” — EKLEZYAS 8:9.
Soufrans yo ka diminye.
Prensip ki nan Bib la ede moun gen yon pi bon sante epi ede yo viv anpè ak lòt moun.
“Lè kè yon moun poze, sa fè tout kò l an sante, men, jalouzi se tankou yon maladi k ap manje zo moun.” — PWOVÈB 14:30.
“Se pou nou retire tout kalite rankin malveyan lakay nou ansanm ak kòlè ak move san. Sispann rele sou moun, sispann joure moun e sispann fè kèlkeswa mechanste a.” — EFEZYEN 4:31.