BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 3 p. 3
  • Èske w kite prejije kontamine w?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w kite prejije kontamine w?
  • Reveye n! — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Prejije: yon pwoblèm ki gaye toupatou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Yon monn kote pa gen prejije: ki lè?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Se pou nou tout vin youn menm jan Jewova ak Jezi fè youn
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Montre w gen lanmou
    Reveye n! — 2020
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 3 p. 3
De mesye k ap mache nan direksyon youn lòt. Yon mesye ap reflechi sou lonbray yon lòt ki efreyan e k ap vin sou li.

Èske w kite prejije kontamine w?

Prejije tankou yon viris. Li fè moun ki trape l yo soufri, e moun yo gendwa pa konsyan si yo genyen l.

Moun kapab gen prejije non sèlman anvè moun lòt nasyonalite, lòt ras, lòt tribi oswa lòt lang, men tou anvè moun ki nan lòt relijyon, moun ki pa gen menm sèks avèk yo oswa menm klas sosyal. Gen moun ki jije lòt moun mal akoz laj yo, nivo edikasyon yo, akoz andikap fizik yo genyen oubyen akoz aparans yo. Epoutan, yo toujou panse yo pa gen prejije.

Èske prejije kapab kontamine w? Anpil nan nou kapab wè lè lòt moun gen prejije. Men, li ka difisil pou n wè si nou gen prejije. Verite a, sèke nou tout gen prejije lakay nou nan yon sèten degre. Selon sa yon pwofesè sosyolòji ki rele David Williams di, lè moun wè yon gwoup moun mal epi yo rankontre yon moun nan gwoup sa a, “yo trete moun sa a yon fason diferan, e franchman, yo pa menm reyalize sa”.

Pa egzanp, nan yon peyi ki nan Ewòp sidès, kote yon mesye ki rele Jovica ap viv, gen yon ti gwoup moun. Men sa l di konsènan ti gwoup sa a: “M pa t panse nan gwoup sa a te ka gen okenn bon moun. Men, m pa t panse m te gen prejije. M te di tèt mwen: ‘Antouka, sa se jis yon verite.’”

Anpil gouvènman fè lwa pou konbat rasis ak lòt fòm prejije. Sepandan, toujou gen prejije. Poukisa? Paske lwa sa yo touche sèlman aksyon moun yo. Yo pa ka kontwole panse moun yo ak santiman yo. Alòske prejije pran rasin nan kè ak nan panse yon moun. Èske l posib pou n konbat prejije? Èske gen yon remèd pou prejije?

Atik ki vin apre yo pral pale sou senk prensip ki ede anpil moun konbat prejije yo gen nan kè yo ak nan panse yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje