BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g20 no 3 p. 12-13
  • Montre w gen lanmou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Montre w gen lanmou
  • Reveye n! — 2020
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Pwoblèm nan
  • Prensip Bib la bay
  • Men sa w ka fè
  • Yo te pot laviktwa sou prejije
    Reveye n! — 2020
  • Èske w kite prejije kontamine w?
    Reveye n! — 2020
  • Yon monn kote pa gen prejije: ki lè?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Prejije: yon pwoblèm ki gaye toupatou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Reveye n! — 2020
g20 no 3 p. 12-13
Yon dam endyèn k ap ede yon dam blan ki aje nan yon eskalye avèk sa l sot achte nan yon makèt.

Montre w gen lanmou

Pwoblèm nan

Prejije nou gen lakay nou pap disparèt rapid. Menm jan sa mande tan ak efò pou n debarase n ak yon viris, konsa tou, sa mande tan ak efò pou n retire prejije lakay nou. Ki sa w kapab fè pou w retire prejije lakay ou?

Prensip Bib la bay

Foto ki ansanm: 1. Yon mesye ki azyatik ki ouvè yon pòt pou yon mesye ki nwa k ap pote plizyè kèp kafe. 2. Menm mesye nwa a ap pataje kafe ak kòlèg travay li yo, ki gen ladan l dam endyèn nan yo te pale de li anvan sa.

“Abiye nou ak lanmou, paske li se yon chenn ki ini moun yon fason ki san fay.” — KOLOSYEN 3:14.

Sa sa vle di? Lè moun fè bon aksyon pou lòt moun, sa fè yo gen tèt ansanm. Plis ou aprann montre w gen lanmou pou lòt moun, se plis w ap diminye prejije ou genyen. Plis ou gen lanmou, se plis ou pap kite plas pou lahèn oswa mepri nan kè w.

Men sa w ka fè

Foto ki ansanm: 1. Yon mesye ki azyatik ki ouvè yon pòt pou yon mesye ki nwa k ap pote plizyè kèp kafe. 2. Menm mesye nwa a ap pataje kafe ak kòlèg travay li yo, ki gen ladan l dam endyèn nan yo te pale de li anvan sa.

Reflechi sou kèk bagay byen presi w kapab fè pou w montre lanmou ou genyen pou yon moun ki soti nan yon gwoup moun ou te ka mal wè. Aksyon sa yo pa oblije gwo. Eseye fè youn oubyen plis nan aksyon ki annapre yo:

Chak fwa w fè yon ti aksyon ki montre w gen lanmou, w ap retire prejije lakay ou

  • Montre konsiderasyon pou moun nan gwoup sa a lè w kenbe yon pòt pou youn ladan yo ka pase oubyen lè w ba l plas ou nan tranpò piblik.

  • Eseye kòmanse ti konvèsasyon avè yo, menmsi yo pa byen konn pale lang ou an.

  • Se pou w gen pasyans lè yo aji yon fason w pa fin konprann.

  • Chèche konprann yo si y ap rakonte w pwoblèm yo.

Egzanp ki pase toutbon: Nazaré (Gine bisawo)

“Yon lè, mwen te gen prejije pou moun ki soti nan lòt peyi ki vin viv nan peyi m. M te aprann anpil nan moun sa yo bay gouvènman an manti pou yo ka jwenn lajan ak èd nan men yo, epi anpil ladan yo ap fè zak ilegal. Sa te fè l difisil pou m aksepte yo. Sepandan, m pa t panse m te gen prejije, paske se konsa pifò moun te wè moun ki soti nan lòt peyi.

“Men, avèk letan, mwen te rive wè se prejije m te gen sou moun ki soti nan lòt peyi. Bonjan konsèy mwen te jwenn nan Bib la te ede m plis renmen yo. Kounye a, mwen pa evite yo. Okontrè, mwen salye yo e m pale avèk yo. M eseye aprann konnen yo chak. Kounye a, m gen bon santiman nan kè m pou yo, epi mwen santi m byen alèz avèk yo.”

“Mwen t ap lite kont enjistis”

Rafika Morris.

Rafika te antre nan yon gwoup rebèl ki t ap goumen kont enjistis. Men, lè l te asiste yon kongrè Temwen Jewova yo, finalman, li te jwenn inite li t ap chèche a.

Gade videyo ki gen tit Rafika Morris: Mwen t ap lite kont enjistis. Chèche tit videyo a sou jw.org.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje