BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • g21 no 3 p. 3
  • Ki jan w ka deside?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan w ka deside?
  • Reveye n! — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Ann ranfòse lafwa nou nan Kreyatè a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Gran Kreyatè nou an sousye de nou !
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Ki jan lavi te kòmanse?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Egzamine prèv yo
    Reveye n! — 2021
Gade plis
Reveye n! — 2021
g21 no 3 p. 3
Yon dam k ap reflechi pandan l ap gade yon chèf relijye ki kenbe yon Bib e pandan l ap gade yon syantifik ki kenbe yon modèl ADN.

Ki jan w ka deside?

“Linivè ka kreye tèt li e l ap kreye tèt li poukont li.” — The Grand design, yon liv fizisyen ki rele Stephen Hawking ak Leonard Mlodinow te pibliye an 2010.

“Bondye kreye syèl la ak latè a.” — Jenèz 1:1, Bib la.

Èske se Bondye ki te kreye linivè ak lavi oswa yo vini konsa konsa? Pawòl de fizisyen nou mansyone pi wo yo ak pawòl sa yo ki nan kòmansman Bib la se de repons ki diferan nèt pou kesyon sa a. Gen moun ki kwè nan toude repons sa yo. Sepandan, anpil moun pa fin sèten. Liv ki popilè ak deba piblik yo ap kontredi youn lòt sou sijè sa a.

Pwofesè lekòl ou yo te ka di avèk konviksyon linivè ak lavi te vini bridsoukou, e se pa t travay yon kreyatè. Men, èske pwofesè w yo te ba w prèv pa gen yon Kreyatè? Yon lòt bò, ou ka konn tande dirijan relijye k ap preche gen yon Kreyatè. Men, èske yo te ba w prèv pou kore sa y ap anseye a? Oswa èske yo jis di w pou w aksepte sa paske se “lafwa” ki mande w sa oswa se yon doktrin?

Sandout, ou konn reflechi ak kesyon sa a, e w ka menm santi pèsonn pa ka di si gen yon Kreyatè ki egziste toutbon. Epi ou ka menm poze yon lòt kesyon: Èske repons lan vrèman enpòtan?

Toudabò, nimewo Reveye n! sa a pral montre kèk prèv ki te konvenk anpil moun pou yo kwè nan yon Kreyatè. Apre sa, li pral montre poukisa repons kesyon sa a konsènan orijin lavi sou tè a enpòtan.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje