BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 2/99 p. 1
  • Gran Kreyatè nou an sousye de nou !

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Gran Kreyatè nou an sousye de nou !
  • Ministè Wayòm nan — 1999
  • Sou menm sijè a
  • Ann ranfòse lafwa nou nan Kreyatè a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Kiyès ki te fè Bondye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Èske n kapab ofri liv Créateur a ?
    Ministè Wayòm nan — 1999
  • Ki jan w ka deside?
    Reveye n! — 2021
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 1999
km 2/99 p. 1

Gran Kreyatè nou an sousye de nou !

1 Nan eseye rezone ak Izrayèl dezobeyisan an, Jewova te mande l : “ Èske w pa t konnen oubyen èske w pa t tande ? Jewova, Kreyatè tout tè a, yon bout jiska lòt bout, se yon dye ki la pou tan endefini. ” ​(Izayi 40:28). Nou konnen Gran Kreyatè nou an, e nou wè li sousye de nou avèk amou. Toutfwa, gen plizyè milyon moun, swa yo doute de egzistans li, swa opinyon yo sou li pa koresponn ak sa nou jwenn nan Bib la. Ki jan nou ka ede yo ?

2 Nouvo liv Y a-t-il un Créateur qui se soucie de vous ? a fèt pou ede yon seri moun konsa. Li envite moun ki reflechi pou yo rezone sou plizyè fè. Sijè enteresan ak agiman pou konvenk ki nan liv sa a ta dwe kapte moun k ap li l.

3 Familyarize nou ak liv Créateur a : Se pou nou gen yon ide jeneral sou sa ki anndan liv la. Chapit 2 jiska chapit 5 esplike ki jan e pou ki rezon linivè, lavi ak lòm te fè vin egziste. Chapit 6 jiska chapit 9 fè yon rale sou Bib la ak Sila a ki te fè ekri li. Espesyalman, yo montre èske istwa lakreyasyon ki nan liv Jenèz la merite pou nou fè li konfyans. Chapit 10 la founi yon repons ki bay satisfaksyon pou youn nan kesyon ki pi anbarasan lòm ap poze tèt li : “ Si le Créateur se soucie des hommes, pourquoi tant de souffrances ? ”

4 Eseye rezone ak moun ki gen dout : paj 78-9 nan liv Créateur a prezante yon rezònman an plizyè pati ou kapab itilize pou w ede lòt moun rive nan konklizyon ki kòrèk la konsènan Bondye. Mande yo : “ Èske linivè te gen yon kòmansman ? ” Pifò ap reponn ‘ wi ’. Kontinye ak kesyon sa a : “ Kòmansman sa a èske se fè yo te fè l, wi ou non ? ” Pifò ap rekonèt se fè yo te fè l. Sa ap mennen nan dènye kesyon sa a : “ Èske se yon bagay etènèl oubyen se yon moun etènèl ki te fè kòmansman linivè a ? ” Si w abòde sijè a konsa, anpil moun ka vin wè fòk gen yon Kreyatè.

5 Liv Créateur a se egzakteman sa anpil moun bezwen. Pataje sa ki ladann avèk fanmi w, kòlèg travay ou, kanmarad lekòl ou ak lòt moun ou konnen. Ale nan predikasyon avèk li pou w ka kite li nan men moun ki gen dout sou egzistans Bondye. Plis nou familyarize ak liv sa a, plis amou nou pou Kreyatè a ap vin pi fò. Sa ap pouse nou kontinye mache ann akò ak prensip wonivo li ba nou yo. — Efezyen 5:1 ; Revelasyon 4:11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje