BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 4
  • Sa k fè yo pèdi bitasyon yo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa k fè yo pèdi bitasyon yo a
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Adan ak Èv dezobeyi Bondye
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Ki jan lavi a te ye nan Paradi a?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Bondye ka gen lapèn — Kòman nou ka fè kè l kontan?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Gen moun ki pi siperyè pase nou
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 4
Yo mete Adan ak Èv deyò nan jaden Edenn nan.

ISTWA 4

Yo pèdi bitasyon yo a

GADE sa k ap pase la a kounye a. Yo mete Adan ak Èv deyò nan bèl jaden Edenn nan. Ou konn poukisa ?

Se paske yo te fè yon move bagay. Jewova te pini yo. Èske w konn ki sa yo te fè ?

Yo te fè yon bagay Bondye pa t vle yo fè. Bondye te di yo, yo kapab manje fwi tout pyebwa ki nan jaden an. Men, gen yon pyebwa Bondye te di yo pa manje fwi li, sinon y ap mouri. Bondye te rezève pyebwa sa a pou li. Nou konnen li pa bon pou yon moun pran sa ki pa pou li, pa vre ? Bon, ki saki te pase menm ?

Yon jou, pandan Èv te poukont li nan jaden an, yon sèpan vin pale avè l. Ou tande de istwa ! Li te di Èv pou l manje fwi nan pyebwa Bondye te di l pa manje a. Men, lè Jewova te fè sèpan, li pa t fè yo pou yo pale. Sa vle di te gen yon moun ki t ap fè sèpan an pale. Se te kiyès sa a ?

Se pa t Adan. Kanmenm, se te youn nan moun Bondye te fè depi lontan anvan l te fè tè a. Moun sa yo se zanj yo ye, epitou nou pa ka wè yo. Se konsa, youn ladan yo te vin gen anpil ògèy lakay li. Li te kòmanse met nan tèt li se pou l chèf menm jan ak Bondye. Li te vle pou moun obeyi l olye pou yo obeyi Jewova. Se zanj sa a menm ki te fè sèpan an pale a.

Zanj lan te rive pran tèt Èv. Li te di l l ap vin tankou Bondye si l manje fwi a, e Èv te kwè l. Konsa, li te manje, e Adan te manje tou. Adan ak Èv te dezobeyi Bondye, e se sa ki fè yo te pèdi kalite bèl bitasyon yo a.

Men, yon jou, Bondye pral gen pou l fè tout tè a bèl menm jan ak jaden Edenn nan. Pi devan, nou pral aprann ki jan w ap ka patisipe nan travay sa a. Men, pou kounye a, ann al wè sa ki te pase Adan ak Èv.

Jenèz 2:16, 17 ; 3:1-13, 24 ; Revelasyon 12:9.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje