BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 3 p. 14-p. 15 par. 3
  • Adan ak Èv dezobeyi Bondye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Adan ak Èv dezobeyi Bondye
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Sa k fè yo pèdi bitasyon yo a
    Liv istwa biblik mwen an
  • Gen moun ki pi siperyè pase nou
    Koute gran Anseyan an
  • Ki jan lavi a te ye nan Paradi a?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Yo kòmanse pase mizè
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 3 p. 14-p. 15 par. 3
Adan ak Èv k ap kite jaden Edenn nan.

LESON 3

Adan ak Èv dezobeyi Bondye

Adan ki kenbe fwi Èv te ba li Bondye te di yo pa dwe manje a.

Yon jou, pandan Èv te poukont li, yon sèpan te pale avè l. Li te di l: ‘Èske se vre Bondye pa dakò pou w manje fwi nan okenn pyebwa?’ Èv di l: ‘Nou ka manje fwi nan tout pyebwa sof youn. Si nou manje fwi pyebwa sa a, n ap mouri.’ Sèpan an di l: ‘Non, ou pap mouri pyès. An reyalite, si w manje fwi pyebwa sa a, w ap vin menm jan ak Bondye.’ Èske sa l te di a se te vre? Non, se te yon manti. Men, Èv te kwè sa. Tank Èv t ap gade fwi a se tank li te anvi manje l. Li te manje fwi a, apre sa, li te bay Adan ladan l. Adan te konnen yo t ap mouri si yo te dezobeyi Bondye. Men, Adan te manje fwi a kanmenm.

Pandan Adan ak Èv soti nan jaden Edenn nan, gen kèk zanj ki bare antre jaden an ak yon epe dife k ap vire.

Pita nan jounen sa a, Jewova te pale ak Adan ak Èv. Li te mande yo pou ki sa yo te dezobeyi l. Èv te di se te fòt sèpan an e Adan te di se fòt Èv. Piske Adan ak Èv te dezobeyi, Jewova te mete yo deyò nan jaden an. Pou Jewova te asire l yo pa t ap janm antre nan jaden an ankò, li te mete kèk zanj nan antre jaden an ak yon epe dife k ap vire san rete.

Jewova te di l ap pini moun ki te bay Èv manti a tou. Se pa sèpan an toutbon ki te pale ak Èv. Jewova pa t fè sèpan yo pou yo pale. Se yon zanj mechan ki te fè sèpan an pale. Li te twonpe Èv. Zanj sa a rele Satan Ledyab. Alavni, Jewova pral detwi Satan pou l sispann fè moun fè sa k pa bon.

“Dyab la [...] te yon asasen depi okòmansman, e li pa t kenbe fèm nan laverite, paske li pa gen laverite nan li.” — Jan 8:44, nòt.

Kesyon: Poukisa Èv te manje fwi a? Ki sa k te rive Adan ak Èv apre yo te dezobeyi Jewova? Kiyès Satan Ledyab ye?

Jenèz 3:1-24; Jan 8:44; 1 Jan 3:8; Revelasyon 12:9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje