BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 5
  • Yo kòmanse pase mizè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yo kòmanse pase mizè
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Sa k fè yo pèdi bitasyon yo a
    Liv istwa biblik mwen an
  • Ki jan lavi a te ye nan Paradi a?
    Koute Bondye pou w viv pou toutan
  • Adan ak Èv dezobeyi Bondye
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Bondye te fè premye gason an ak premye fi a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 5
Èv ak pitit li yo pa deyò jaden Edenn nan.

ISTWA 5

Yo kòmanse pase mizè

PA DEYÒ jaden Edenn nan, Adan ak Èv te gen anpil pwoblèm. Yo te oblije travay di pou yo jwenn moso manje. Olye de bèl pye fwi, yo te wè se yon pakèt pye pikan ak pye chadwon k ap pouse bò kote yo. Se sa k te rive Adan ak Èv poutèt yo te dezobeyi Bondye e poutèt yo pa t ret zanmi avè l.

Sa k te pi rèd la, lanmò te kòmanse mache sou Adan ak Èv. Ou sonje sa, Bondye te pale yo, li te di yo gen yon pyebwa si yo manje fwi li, y ap mouri. Ebyen, depi jou yo te manje l la, lanmò te kòmanse gen pouvwa sou yo. Koute yo pa t koute Bondye a se te yon foli !

Adan ak Èv te fè pitit apre Bondye te fin mete yo deyò nan jaden Edenn nan. Sa vle di, pitit yo tou ta dwe vin vyeyi, e yo ta dwe mouri.

Si Adan ak Èv te annik obeyi Jewova, lavi a t ap dous pou yo menm ansanm ak tout pitit yo. Yo tout t ap ka viv alèz sou tè a pou toutan. Nanpwen moun ki t ap gen pou yo ni malad, ni vyeyi, ni mouri.

Bondye vle pou lèzòm viv alèz pou toutan. Li pwomèt pou sa fèt yon jou. Non sèlman tout tè a pral bèl, men, tout moun nèt pral viv an sante. Tout moun sou tè a pral bon zanmi youn ak lòt. Tout moun pral bon zanmi Bondye.

Men Èv pa t zanmi Bondye ankò. Se sa k fè, lè l te vin fè timoun, sa pa t fasil pou li ditou. Li te soufri. Li te soufri anpil pou dezobeyi l te dezobeyi Jewova a. Ou pa wè sa ?

Adan ak Èv te gen anpil pitit, fi kou gason. Lè yo te fè premye gason yo a, yo te rele l Kayen. Yo te rele dezyèm gason yo a Abèl. Èske w konnen sa k te vin pase yo ?

Jenèz 3:16-23 ; 4:1, 2 ; Revelasyon 21:3, 4.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje