BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 7
  • Yon gason ki brav

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon gason ki brav
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • “Li te fè Bondye plezi”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2017
  • Annou mache avèk Bondye nan moman boulvès sa yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Soti nan lakreyasyon pou rive nan delij la
    Liv istwa biblik mwen an
  • Yo te gen kouraj grasa lafwa ak lakrentif pou Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 7
Enòk

ISTWA 7

Yon gason ki brav

TANK te vin gen pi plis moun sou tè a, se tank pifò moun t ap fè move zak menm jan ak Kayen. Men te gen yon mesye ki pa t menm avèk yo. Li te rele Enòk. Se te yon nonm ki brav. Malgre tout moun alantou l yo t ap fè move zak, Enòk te kenbe la ap sèvi Bondye.

Yon mesye ki vyolan nan epòk Enòk la ki touye yon lòt mesye.

Èske w konnen poukisa moun sa yo t ap plede fè move zak konsa ? Reflechi pou w wè, kiyès ki te fè Adan ak Èv dezobeyi Bondye ? Kiyès ki te fè yo manje fwi yo pa t dwe manje a ? Se te yon move zanj. Bib la rele l Satan. L ap chèche rann tout moun mechan.

Yon lè, Jewova Dye te di Enòk pou l di moun yo yon bagay yo pa t vle tande. Men ki sa l te ye : “ Yon jou Bondye pral detwi tout mechan. ” Siman moun yo te fache anpil lè yo te tande sa. Petèt yo t ap menm chèche touye Enòk. Konsa, Enòk te bezwen brav anpil pou l anonse moun yo sa Bondye pral fè.

Moun mechan nan epòk Enòk la k ap mennen yon vi debòch.

Bondye pa t kite Enòk viv pou anpil tan nan mitan moun mechan sa yo. Enòk te viv 365 an sèlman. Poukisa nou di “ 365 an sèlman ” ? Se paske moun nan epòk sa a te pi djanm pase moun jounen jodi a epi yo te konn viv pi plis tan. Tankou la a, gen Metouchela, yon pitit gason Enòk ki te rive viv 969 an !

Apre Enòk fin mouri, moun yo te vin pi mechan toujou. Bib la di konsa : “ Toutan se sou move bagay yo t ap reflechi ”, e “ tè a te vin chaje ak vyolans ”.

Èske w konnen youn nan rezon ki fè lè sa a, te gen anpil pwoblèm sou tè a konsa ? Se paske Satan te gen yon lòt metòd pou l fè moun yo fè sa k pa bon. Se sou sa nou pral pale nan lòt istwa a.

Jenèz 5:21-24, 27 ; 6:5 ; Ebre 11:5 ; Jid 14, 15.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje