1YE PATI
Soti nan lakreyasyon pou rive nan delij la
Kòman syèl la ak tè a fè egziste ? Kòman solèy la, lalin nan, zetwal yo ak tout sa ki sou tè a fè vin egziste ? Bib la ban nou vrè repons lan lè l di nou se Bondye ki kreye yo. Se sa ki fè liv nou an kòmanse avèk istwa sou lakreyasyon.
Nou aprann premye kreyasyon Bondye fè se espri ki sanble avè l. Se zanj yo. Men, Bondye te kreye tè a pou moun tankou nou. Konsa, Bondye te fè yon gason yo te rele Adan ansanm ak yon fi yo te rele Èv, epi li te mete yo nan yon bèl jaden. Men, yo te dezobeyi Bondye, e sa te fè yo pèdi dwa pou yo kontinye viv.
Gen 1656 ane antou ki te pase soti lè Adan te fèt pou rive nan delij la. Nan epòk sa a, te gen anpil mechan. Nan syèl la, te gen Satan avèk move zanj li yo kòm espri envizib. Sou tè a, te gen Kayen ansanm ak anpil lòt mechan. Nan mitan yo, te gen yon seri de potorik gason ki te gen fòs estrawòdinè sou yo. Men, sou tè a te gen bon moun tou tankou Abèl, Enòk ak Noye. PREMYE pati a pral pale de tout moun sa yo ansanm ak evènman ki te pase nan epòk sa a.