BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 9
  • Noye bati yon lach

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Noye bati yon lach
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Lach Noye a
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Li “t ap mache avèk vrè Dye a”
    Annou imite lafwa yo
  • Noye te “mache byen ak Bondye”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Tout moun kapab aprann nan kasèt videyo Noé : il marchait avec Dieu a
    Ministè Wayòm nan — 2002
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 9
Noye ak fanmi l k ap mete bèt yo ak manje nan lach la.

ISTWA 9

Noye bati yon lach

NOYE te gen yon madanm ak twa pitit gason. Yo te rele ti mesye yo Sèm, Kam ak Jafèt. Yo chak te gen madanm pa yo. Se konsa fanmi Noye te vin gen uit moun ladan l.

Bondye te bay Noye fè yon bagay ki etranj. Li te di l bati yon gwo lach. Lach sa a te gwosè yon bato, men, li te plis sanble ak yon gwo bwat byen long. Bondye di konsa : ‘ Fè lach la an twa etaj epi mete chanm ladan l. ’ Chanm yo te pou Noye avèk fanmi l, pou bèt yo epi pou yo mete manje ak tout sa yo t ap gen bezwen.

Bondye te di Noye tou pou l byen monte lach la yon fason pou dlo pa pèse l. Lèfini Bondye di konsa : ‘ Mwen pral fè yon gwo delij dlo vini pou detwi lemonnantye. Tout moun ki pa anndan lach la ap mouri. ’

Noye ak pitit li yo obeyi Jewova e yo kòmanse bati lach la. Men, lòt moun yo te pran pase yo nan rizib. Yo te chita ap fè sa k pa bon. Nanpwen moun ki te kwè Noye lè l te di yo sa Bondye pral fè a.

Moun k ap ri Noye lè l ap fè yo konnen pral gen yon delij.

Kòm lach la te gwo, sa te pran anpil tan pou yo te bati l. Finalman, apre anpil ane, yo te rive fini. Kounye a, Bondye di Noye pou l fè bèt yo rantre nan lach la. Bondye te di nan ki kalite bèt pou yo pran yon pè nan chak, ki vle di yon mal, yon femèl, epi nan ki kalite bèt pou yo pran sèt pè nan chak. Bondye te di Noye tou pou l pran tout kalite zwazo. Noye te fè egzakteman sa Bondye te di a.

Apre sa, Noye ak tout fanmi l antre anndan lach la tou. Lèfini, Bondye fèmen pòt la. Kounye a, yo ret ap tann anndan lach la. Imajine ou menm ki anndan lach la, w ap ret tann tou ansanm avèk yo. Èske delij dlo a pral vini vre jan Bondye te di a ?

Jenèz 6:9-22 ; 7:1-9.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje