Tout moun kapab aprann nan kasèt videyo Noé : il marchait avec Dieu a
Li Jenèz 6:1 rive nan Jenèz 9:19. Annapre, gade kasèt videyo Noé a, epi reflechi pou w wè ki jan w ta reponn kesyon sa yo : 1) Ki jan monn nan te ye nan epòk Noye a, epi ki jan l te fè rive nan pwen sa a ? 2) Ki sa k fè Noye te apa konsa ? Ki travay Bondye te ba li pou l fè, epi poukisa ? 3) Ki kote yo te kapab bati lach la, konbyen tan sa te pran e ki gwosè l te ye ? 4) Apa travay bati lach la, ki lòt bagay ankò Noye avèk fanmi l te dwe fè ? 5) Ki jan w panse bagay yo te ye nan lach la yon fwa pòt la te fèmen ? 6) Ki jan w ta va santi w apre ou ta chape anba delij dlo a ? 7) Ki sa nou konn wè detanzantan ki fè nou sonje te gen yon delij, e ki sa sa vle di ? 8) Ki sa istwa Noye nou jwenn nan Bib la anseye nou sou tèt nou, sou fanmi nou epi sou travay Bondye ban nou pou nou fè a ? 9) Ki kesyon ou ta renmen mande Noye avèk fanmi l lè w rankontre yo nan Paradi a ? 10) Kounye la a, ki jan w gen entansyon sèvi ak kasèt videyo Noé a ?