BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 14
  • Bondye teste lafwa Abraram

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bondye teste lafwa Abraram
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Yon eprèv pou lafwa Abraram
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jewova te rele l “zanmi m”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Pi gwo prèv ki demontre Bondye renmen nou an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Abraram ak Sara te obeyi Bondye
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 14
Abraram ap prepare l pou l sakrifye Izarak; yon mouton kole nan yon raje toupre a.

ISTWA 14

Bondye teste lafwa Abraram

ÈSKE w wè ki sa Abraram ap fè la a ? Men li gen yon kouto nan men l ! Sanble li pral touye pitit li a. Poukisa pou l ta fè yon bagay konsa ? Toudabò, annou wè kòman Abraram ak Sara te rive gen pitit yo a.

Ou sonje Bondye te pwomèt yo yon pitit gason. Men sa te parèt enposib paske Abraram ak Sara te tèlman granmoun. Poutan, Abraram te kwè Bondye kapab fè yon bagay ki parèt enposib. Ki sa ki te vin pase ?

Tout yon ane pase depi Bondye te fè pwomès la. Apre sa, lè Abraram vin gen 100 an e Sara 90 an, yo te fè yon pitit gason yo rele Izarak. Ou wè jan Bondye te kenbe pwomès li !

Men lè Izarak te vin gran, Bondye te teste lafwa Abraram. Bondye di : ‘ Abraram ! ’ Abraram reponn : ‘ Men mwen ! ’ Bondye di l konsa : ‘ Pran jennonm ou an, sèl grenn pitit gason w lan, ale nan mòn m apral montre w la. Lè w rive, touye jennonm ou an ban mwen kòm sakrifis. ’

Pou jan Abraram te renmen pitit gason l lan, pawòl sa yo te fè l tris anpil. Ou sonje Bondye te pwomèt Abraram, pitit li yo ta gen pou yo abite nan peyi Kanaran. Ki jan sa t apral fè fèt si Izarak ta mouri ? Malgre Abraram pa t kapab konprann sa, li obeyi Bondye kanmenm.

Lè Abraram rive sou mòn nan, li mare Izarak, li mete Izarak kouche sou lotèl li te bati a. Apre sa, li pran kouto a pou l touye pitit li a. Menm lè a zanj Bondye a rele l, li di : ‘ Abraram, Abraram ! ’ Abraram reponn : ‘ Men mwen ! ’

Bondye di l konsa : ‘ Ou pa bezwen fè jennonm nan anyen. Kounye a, mwen konnen ou gen lafwa nan mwen, piske w pa refize m pitit ou a, sèl grenn pitit gason w genyen an. ’

Ala yon kokenn lafwa Abraram te gen nan Bondye ! Li te kwè nanpwen anyen ki te enposib pou Jewova. Li te kwè Jewova kapab menm resisite Izarak. An reyalite, Bondye pa t vle pou Abraram te touye Izarak vre. Se sa k fè, Bondye fè yon mouton pran nan yon ti touf bwa toupre l la e li di Abraram pou l sakrifye l pito nan plas pitit gason li an.

Jenèz 21:1-7 ; 22:1-18.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje