BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 11 p. 32-p. 33 par. 2
  • Yon eprèv pou lafwa Abraram

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon eprèv pou lafwa Abraram
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Bondye teste lafwa Abraram
    Liv istwa biblik mwen an
  • Pi gwo prèv ki demontre Bondye renmen nou an
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Jewova te rele l “zanmi m”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2016
  • Abraram ak Sara te obeyi Bondye
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 11 p. 32-p. 33 par. 2
Abraram ak Izarak k ap mache pou y al Morija.

LESON 11

Yon eprèv pou lafwa Abraram

Abraram te anseye Izarak, pitit li, pou l renmen Jewova e pou l gen konfyans nan tout pwomès Jewova fè. Men, lè Izarak te gen anviwon 25 an, Jewova te mande Abraram pou l fè yon bagay ki t ap difisil anpil. Ki bagay sa a?

Bondye te di Abraram: ‘Tanpri, pran sèl pitit gason w lan, epi bay li kòm sakrifis sou yon mòn nan peyi Morija.’ Abraram pa t konnen pou ki rezon Jewova te mande l fè sa. Men, li te obeyi Jewova kanmenm.

Byen bonè nan demen maten, Abraram pran Izarak ak de sèvitè l e yo pran wout pou y al Morija. Apre twa jou, yo vin ka wè mòn yo ki byen lwen. Abraram di sèvitè l yo pou yo tann li pandan li menm ak Izarak pral ofri sakrifis la. Abraram bay Izarak pote bwa pou fè dife, e Abraram pote yon kouto. Izarak mande papa l: ‘Kote bèt nou pral bay kòm sakrifis la?’ Abraram reponn: ‘Gason m, Jewova ap ban nou l.’

Finalman, lè yo rive sou mòn nan, yo fè yon lotèl. Apre sa, Abraram mare men Izarak ak pye l, epi li mete l sou lotèl la.

Abraram mare Izarak sou lotèl la e li gen yon kouto nan men l.

Abraram pran kouto a, menm kote a, zanj Jewova a rele Abraram detan l nan syèl la. Li di: ‘Abraram! Pa fè tigason an anyen! Kounye a, mwen konnen ou gen lafwa nan Bondye paske w te dakò ofri pitit gason w lan kòm sakrifis.’ Epi, Abraram wè yon mal mouton kòn li kole nan yon touf bwa. Li kouri demare Izarak, epi li bay mouton an kòm sakrifis pito.

Depi jou sa a, Jewova rele Abraram zanmi l. Èske w konn poukisa? Paske Abraram te fè nenpòt sa Jewova mande l fè, menm lè li pa t konn pou ki rezon Jewova te mande l fè l.

Abraram k ap demare Izarak.

Jewova te retounen fè Abraram menm pwomès li te fè l la, li te di l: ‘M ap beni w e m ap fè pitit ou oswa desandan w vin anpil.’ Sa vle di, Jewova t ap beni tout bon moun pa mwayen fanmi Abraram.

“Bondye tèlman renmen monn nan, li bay sèl Pitit Gason li fè a pou li, dekwa pou nenpòt moun ki demontre l gen lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi ki pap janm fini an.” — Jan 3:16.

Kesyon: Ki jan Abraram te montre li te fè Jewova konfyans? Ki sa Jewova te pwomèt Abraram?

Jenèz 22:1-18; Ebre 11:17-19; Jak 2:21-23.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje