BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 15
  • Madan Lòt vire gade dèyè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Madan Lòt vire gade dèyè
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Sonje madan Lòt
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Lòt ak fanmi l
    Istwa biblik sou fòm desen
  • Ann ede moun k ap lite anba strès
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Sonje madan Lòt
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 15
Madan Lòt vire gade dèyè pou l wè Sodòm e li tounen yon poto sèl.

ISTWA 15

Madan Lòt vire gade dèyè

LÒT t ap viv avèk fanmi l nan peyi Kanaran, ansanm ak Abraram. Yon jou Abraram di Lòt konsa : ‘ Pa gen ase tè isit la pou tout bèt nou yo. Tanpri, annou chak fè yon bò. Si w fè bò sa a, mwen menm m a fè bò isit. ’

Lòt voye je l gade peyi a. Li wè yon zòn ki byen bèl, ki gen dlo, ki gen anpil zèb pou bèt li yo. Zòn sa a se te distri Jouden an. Se konsa, Lòt pran fanmi l ansanm ak bèt li yo, li bwote al rete nan zòn sa a. Yo tabli bitasyon yo nan yon vil yo te rele Sodòm.

Moun Sodòm yo se te move moun nèt. Sa te kontrarye Lòt, paske se yon bon moun li te ye. Sa te kontrarye Bondye tou. Finalman, Bondye te voye de zanj al avèti Lòt li pral detwi vil Sodòm ansanm ak Gomò, vil ki sou kote l la, poutèt mechanste y ap fè.

Zanj yo di Lòt konsa : ‘ Fè prese ! Pran madanm ou ak de pitit fi w yo, epi wete kò w ! ’ Lòt ansanm ak fanmi l te yon jan lan pou yo ale. Lè zanj yo wè sa, yo pran men yo, yo mennen yo deyò vil la. Apre sa, youn nan zanj yo di konsa : ‘ Kouri non pou nou ka sove lavi nou ! Pa gade dèyè. Kouri ale nan mòn yo pou nou pa mouri. ’

Lòt ak demwazèl li yo gade byen dwat devan yo pandan y ap kouri kite Sodòm.

Lòt ak demwazèl li yo te obeyi. Yo te kouri kite Sodòm. Yo pa t menm fè yon ti kanpe pou yon moman, ni yo pa t gade dèyè. Men, madan Lòt te dezobeyi. Lè yo rive nan yon bèl distans, madan Lòt fè yon rete, epi li vire gade dèyè. Menm kote a, li tounen yon poto sèl. Èske w wè madan Lòt nan foto a ?

Nou kapab aprann yon bèl leson nan istwa sa a. Sa montre nou Bondye sove moun ki obeyi l yo, men moun ki pa obeyi l yo ap pèdi lavi yo.

Jenèz 13:5-13 ; 18:20-33 ; 19:1-29 ; Lik 17:28-32 ; 2 Pyè 2:6-8.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje