BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 10 p. 30
  • Sonje madan Lòt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sonje madan Lòt
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Madan Lòt vire gade dèyè
    Liv istwa biblik mwen an
  • Lòt ak fanmi l
    Istwa biblik sou fòm desen
  • Ann ede moun k ap lite anba strès
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Sonje madan Lòt
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 10 p. 30
Madan Lòt ki tounen yon poto sèl, e Lòt ak pitit fi l yo k ap kouri kite vil Sodòm.

LESON 10

Sonje madan Lòt

Lòt t ap viv nan peyi Kanaran ak Abraram, tonton l. Rive yon lè, Abraram ak Lòt te tèlman vin gen anpil bèt, peyi a te vin twò piti pou yo. Men sa Abraram te di Lòt: ‘Nou pa ka viv menm kote ansanm ankò. Tanpri, chwazi ki bò w vle ale, e mwen menm, m ap pran lòt bò a.’ Èske sa pa montre jan Abraram se yon moun ki pa t wè tèt li sèlman?

Lòt te wè yon bèl pati nan peyi a toupre yon vil ki te rele Sodòm. Te gen anpil dlo ak anpil zèb vèt. Se sa k fè, se la li te chwazi al viv ak fanmi l.

Moun ki t ap viv nan vil Sodòm yo ak nan vil Gomò, yon vil ki te toupre a, te konn fè sa ki mal anpil. Yo te tèlman mechan, Jewova te di l ap detwi vil sa yo. Men, li te vle sove Lòt ak fanmi l, se sa k fè l te voye de zanj al avèti yo. Zanj yo te di yo: ‘Fè vit kite zòn nan! Paske Jewova pral detwi vil la.’

Lòt pa t kite vil la tousuit. Li t ap plede fè reta. Se sa k fè zanj yo te pran men Lòt ak madanm li ak de pitit fi l yo e yo te rale yo soti nan vil la. Yo te di yo: ‘Kouri! Chape poul nou pou n sove lavi nou! Pa gad dèyè! Si nou gade dèyè, n ap mouri!’

Dife ak souf tonbe sou Sodòm ak Gomò tankou lapli.

Lè yo rive nan yon vil ki te rele Sowa, Jewova te fè dife ak souf tonbe sou Sodòm ak Gomò tankou lapli. De vil yo te boule nèt. Madan Lòt te dezobeyi Jewova, li te vire gade dèyè, e li te tounen yon poto sèl! Men, Lòt ak pitit fi l yo pa t mouri paske yo te obeyi Jewova. Petèt, yo te tris anpil poutèt madan Lòt te dezobeyi. Men, kè yo te kontan paske yo te fè sa Jewova te mande yo fè.

“Sonje madan Lòt.” — Lik 17:32.

Kesyon: Poukisa Jewova te detwi Sodòm ak Gomò? Poukisa madan Lòt te tounen yon poto sèl?

Jenèz 13:1-13; 19:1-26; Lik 17:28, 29, 32; 2 Pyè 2:6-9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje