BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 18
  • Jakòb ale Aràn

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jakòb ale Aràn
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Fanmi Jakòb gen anpil moun
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jewova ap ede w lè w jwenn pwoblèm sanzatann
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Jakòb ak Ezaou fè lapè
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 18
Jakòb ap mande mesye Aràn yo enfòmasyon sou Labàn ak pitit fi Labàn nan, Rachèl.

ISTWA 18

Jakòb ale Aràn

MESYE sa yo Jakòb ap pale avèk yo a, èske w konn kiyès yo ye ? Apre Jakòb te fin fè yon pakèt jou ap vwayaje, li te rankontre yo bò yon pi. Yo t ap okipe mouton yo genyen. Jakòb mande yo : ‘ Moun ki bò nou ye ? ’

Mesye yo reponn : ‘ Nou se moun Aràn. ’

Jakòb mande yo : ‘ Èske nou konn Labàn ? ’

Mesye yo reponn : ‘ Wi, nou konnen l. Men Rachèl, pitit fi l la k ap vini avèk twoupo mouton l yo. ’ Èske w wè Rachèl lòtbò a k ap vini ?

Rachèl ap pran swen mouton papa l yo.

Lè Jakòb wè Rachèl ak twoupo mouton Labàn tonton l lan, li kouri al woule wòch la sot sou tèt pi a yon fason pou mouton yo bwè dlo. Apre sa, Jakòb bo Rachèl, epi li di l ki moun li ye. Rachèl tèlman kontan, li kouri tounen lakay pou l di papa l sa.

Labàn te kontan anpil pou Jakòb rete avè l. Epi lè Jakòb mande pou l marye ak Rachèl, Labàn byen kontan. Men, li te mande Jakòb pou l fè setan ap travay nan bitasyon l lan pou l jwenn Rachèl. Piske Jakòb te renmen Rachèl anpil, li te fè sa. Men, èske w konnen ki sa ki te pase lè dat maryaj la te rive ?

Olye Labàn bay Jakòb Rachèl pou madanm, se Leya, pi gran pitit fi l la li te ba li pito. Piske Jakòb te dakò pou l travay pou Labàn pandan setan ankò, misye te ba li Rachèl pou madanm tou. Nan epòk sa a, Bondye te pèmèt pou yon gason gen plis pase yon madanm. Men, kounye a, tankou jan Bib la montre sa, yon gason dwe genyen yon sèl madanm.

Jenèz 29:1-30.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje