BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 13 p. 36-p. 37 par. 1
  • Jakòb ak Ezaou fè lapè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jakòb ak Ezaou fè lapè
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • De jimo, de moun diferan
    Liv istwa biblik mwen an
  • Eritaj la te vin pou Jakòb
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Egzanp: Jakòb
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Jenèz — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 13 p. 36-p. 37 par. 1
Jakòb ki bese e Ezaou k ap kouri vin rankontre l.

LESON 13

Jakòb ak Ezaou fè lapè

Jewova te pwomèt Jakòb l ap pwoteje l menm jan l te pwomèt l ap pwoteje Abraram ak Izarak. Jakòb t al rete yon kote yo rele Aran, se la li te marye, li te vin gen yon gwo fanmi e l te vin rich anpil.

Rive yon lè, Jewova di Jakòb: ‘Retounen nan peyi w.’ Se konsa, Jakòb ak fanmi l te kòmanse fè yon vwayaj byen long pou yo retounen nan peyi yo. Pandan Jakòb nan wout, gen kèk moun ki vin di l: ‘Ezaou, frè w la, ap vini, e gen 400 gason avè l!’ Jakòb te pè pou Ezaou pa fè li menm ak fanmi l mal. Li te priye Jewova, li te di: ‘Tanpri, sove m pou frè m nan pa touye m.’ Nan demen, Jakòb te voye yon kado pou Ezaou, li te voye anpil mouton, kabrit, bèf, chamo, ak bourik pou li.

Jou swa sa a, pandan Jakòb poukont li, li wè yon zanj! Zanj lan mare goumen avè l. Yo te goumen pou jis demen maten. Malgre Jakòb t ap soufri, li pa t abandone. Zanj lan di l: ‘Kite m ale.’ Men, Jakòb di l: ‘Non, se pou w beni m anvan.’

Alafen, zanj lan beni Jakòb. Kounye a, Jakòb konnen Jewova pap kite Ezaou fè l mal.

Jou maten sa a, Jakòb t ap gade e l te wè Ezaou ak 400 mesye l yo ki byen lwen. Jakòb te pran devan fanmi l e li t al bese byen ba sèt fwa devan frè l la. Ezaou te kouri vin rankontre Jakòb e li te ba l yon akolad. De frè yo te pete kriye, e yo fè lapè. Ki jan w panse Jewova te santi l lè l wè sa Jakòb te fè nan sitiyasyon sa a?

Annapre, Ezaou te retounen lakay li e Jakòb t al lakay pa l. Jakòb te gen 12 pitit gason. Men non yo: Ribenn, Simeyon, Levi, Jida, Dann, Neftali, Gad, Achè, Isaka, Zabilon, Jozèf ak Benjamen. Jewova te itilize Jozèf, youn nan gason sa yo, pou l sove pèp Li a. Èske w konn ki jan? Ann wè ki jan.

“Kontinye renmen ènmi nou e kontinye priye pou moun k ap pèsekite nou, pou nou ka montre nou se pitit Papa nou ki nan syèl la.” — Matye 5:44, 45.

Kesyon: Poukisa Jakòb te jwenn yon benediksyon? Ki jan l te rive fè lapè ak frè l la?

Jenèz 28:13-15; 31:3, 17, 18; 32:1-29; 33:1-18; 35:23-26.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje