BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 12 p. 34
  • Eritaj la te vin pou Jakòb

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Eritaj la te vin pou Jakòb
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • De jimo, de moun diferan
    Liv istwa biblik mwen an
  • Pwoteje eritaj ou a lè w pran desizyon ki saj
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Jakòb ak Ezaou fè lapè
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jewova se “Bondye ki bay lapè a”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 12 p. 34
Jakòb bay Ezaou yon bòl bouyon pou l ka ba l dwa li te genyen kòm premye pitit gason an.

LESON 12

Eritaj la te vin pou Jakòb

Izarak ak Rebeka ansanm ak Jakòb ak Ezaou, de jimo yo te genyen yo.

Izarak te gen 40 an lè l te marye ak Rebeka. Li te renmen l anpil. Rive yon lè, yo te vin gen de pitit gason, de jimo.

Pi gran an te rele Ezaou, e pi piti a te rele Jakòb. Ezaou te renmen ret deyò, e li te fò nan fè lachas. Men, Jakòb te renmen ret nan kay.

Nan epòk sa a, yo te konn bay pi gran pitit gason an pifò tè ak lajan fanmi an lè papa a mouri. Se sa yo te rele eritaj la. Nan fanmi Izarak, moun ki t apral gen eritaj la t ap gen yon wòl nan pwomès Jewova te fè Abraram yo. Ezaou pa t bay pwomès sa yo enpòtans, men, Jakòb te konnen yo enpòtan anpil.

Jakòb ak Ezaou.

Yon jou, apre Ezaou fin fè tout yon jounen ap chase, li antre lakay li. Li te fatige anpil. Li te pran sant yon bon manje Jakòb t ap fè, epi li di: ‘M ap mouri grangou! Ban m enpe nan bouyon sa a.’ Jakòb di l: ‘M ap ba w ladan l, men anvan sa, se pou w pwomèt mwen, eritaj ou a ap vin pou mwen.’ Ezaou di l: ‘M pa bezwen eritaj la, ou met pran l. Se manje m bezwen.’ Èske w panse Ezaou te byen fè? Non. Ezaou te bay yon bagay ki te gen anpil valè pou yon bòl bouyon.

Lè Izarak te vin granmoun anpil, li te vle bay premye pitit gason l lan yon benediksyon. Men, Rebeka te ede Jakòb, ti frè Ezaou a, pou se li ki jwenn benediksyon an. Lè Ezaou vin konn sa, li te fache anpil e li te kòmanse fè plan pou l touye frè l la. Izarak ak Rebeka te vle pwoteje Jakòb, se sa k fè yo te di l: ‘Al lakay Laban, frè manman w, epi rete la jiskaske Ezaou pa an kòlè kont ou ankò.’ Jakòb koute konsèy paran l yo e li chape poul li.

“Ki sa yon moun ap jwenn si l gen lemonnantye, men li pèdi lavi l? An reyalite, ki sa yon moun ta ka bay nan plas lavi l?” — Mak 8:36, 37.

Kesyon: Ki kalite moun Ezaou te ye? Ki kalite moun Jakòb te ye? Poukisa Jakòb te jwenn benediksyon an nan plas Ezaou?

Jenèz 25:20-34; 27:1–28:5; Ebre 12:16, 17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje