BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 17
  • De jimo, de moun diferan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • De jimo, de moun diferan
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Eritaj la te vin pou Jakòb
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jakòb ak Ezaou fè lapè
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Pwoteje eritaj ou a lè w pran desizyon ki saj
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Jewova se “Bondye ki bay lapè a”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2011
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 17
Jakòb ap pran swen mouton yo pandan l jèn.

ISTWA 17

De jimo, de moun diferan

DE TIGASON ou wè la a se de moun diferan, pa vre ? Ou konn non yo ? Chasè a rele Ezayi, tigason k ap okipe mouton yo rele Jakòb.

Ezayi ak Jakòb se te de pitit gason jimo Izarak ak Rebeka. Papa a, Izarak, te renmen Ezayi anpil paske se yon gwo chasè li te ye, li te konn pote manje nan kay la. Men, Rebeka te pi renmen Jakòb paske se te yon tigason ki te trankil epi ki te pezib.

Ezayi, pandan l jèn, ap vize ak flèch li pou l tire.

Abraram, granpapa yo, te toujou vivan. Nou kapab imajine jan Jakòb te renmen tande l k ap pale de Jewova. Finalman, Abraram te mouri a 175 an, lè sa a, jimo yo te gen 15 an.

Lè Ezayi te gen 40 an, li te marye avèk de fi nan peyi Kanaran. Sa te fè Izarak ak Rebeka lapenn anpil paske fi sa yo pa t ap adore Jewova.

Epi, yon jou, te gen yon bagay ki te pase, sa te fè Ezayi fache anpil kont frè li Jakòb. Lè a te rive pou Izarak bay premye pitit gason l lan yon benediksyon. Piske Ezayi te pi gran pase Jakòb, Ezayi te atann pou se li menm ki resevwa benediksyon an. Men, Ezayi te deja vann Jakòb dwa pou resevwa benediksyon an. Met sou sa, lè timoun yo te fèk fèt, Bondye te di se Jakòb k ap resevwa benediksyon an. Se sa ki te rive vre. Izarak te bay Jakòb benediksyon an.

Lè Ezayi vin konn sa, li te move anpil kont Jakòb. Li te tèlman fache, li te di l ap touye Jakòb. Lè Rebeka tande sa, sa te chaje tèt li anpil. Sa l fè, li di mari l konsa : ‘ Sa ap tèrib nèt si Jakòb marye ak youn nan medam Kanaran sa yo tou. ’

Apre sa, Izarak rele Jakòb, li di l : ‘ Pa marye avèk yon fi Kanaran. Ale Aràn pito, lakay granpapa w Betouwèl. Kòm Labàn se pitit granpapa w, marye avèk youn nan pitit fi l yo. ’

Jakòb te koute papa l. Menm kote a, li te derape pou ale jis Aràn, kote fanmi l yo ap viv.

Jenèz 25:5-11, 20-34 ; 26:34, 35 ; 27:1-46 ; 28:1-5 ; Ebre 12:16, 17.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje