BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 25
  • Fanmi an bwote al ann Ejip

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fanmi an bwote al ann Ejip
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jewova pa t janm bliye Jozèf
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • “Èske mwen nan plas Bondye?”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Frè Jozèf yo rayi l
    Liv istwa biblik mwen an
  • “Tande yon rèv mwen fè”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 25
Jakòb ak Jozèf k ap kriye lè yo rankontre ann Ejip.

ISTWA 25

Fanmi an bwote al ann Ejip

JOZÈF pa t kapab kenbe ankò. Li fè tout sèvitè l yo soti. Kounye a, li vin poukont li avèk frè l yo. Li tonbe kriye. Nou pa bezwen mande jan mesye yo sezi. Yo pa konnen poukisa Jozèf ap kriye. Finalman, Jozèf di yo konsa : ‘ Mwen se Jozèf, èske papa m toujou vivan ? ’

Frè Jozèf yo tèlman sezi, yo pa gen bouch pou yo pale. Yo pè. Men Jozèf di yo : ‘ Tanpri, pwoche bò kote m. ’ Lè mesye yo avanse, li di yo konsa : ‘ Mwen se Jozèf, frè nou an nou te vann pou vin ann Ejip la. ’

Epi, jantiman, Jozèf kontinye pou l di yo : ‘ Nou pa bezwen repwoche tèt nou poutèt nou te vann mwen pou m vin isit la. An verite, se Bondye ki te voye m ann Ejip pou m sove lavi moun. Farawon mete m chèf sou tout peyi a. Kounye a, kouri tounen al kot papa m pou nou fè l konn sa. Epi, di l pou l vin viv isit la. ’

Lèfini, Jozèf pase men nan kou frè l yo, li sere yo nan bra l epi li bo yo. Lè yo di Farawon frè Jozèf yo antre, li di Jozèf konsa : ‘ Kite yo pran charyo pou y al chèche papa yo ansanm ak tout kòt fanmi yo pou yo ka retounen. M ap ba yo pi bon kote ki gen nan tout peyi Ejip la. ’

Mesye yo fè sa vre. Nan imaj la, ou kapab wè Jozèf k ap salye papa l ki vin ann Ejip avèk tout kòt fanmi an.

Frè Jozèf yo ansanm ak fanmi yo bwote al ann Ejip.

Fanmi Jakòb la te vin gen anpil moun. Tout moun nan fanmi an ki te desann ann Ejip te 70 antou, lè nou konte Jakòb, pitit li yo ansanm ak pitit pitit li yo. Men, nou pa konte madanm mesye yo ak bonkou sevitè yo sanble yo te genyen tou. Yo te vin abite ann Ejip. Yo te rele yo Izrayelit paske Bondye te chanje non Jakòb, li te rele l Izrayèl. Izrayelit yo te tounen yon pèp espesyal pou Bondye, tankou jan nou gen pou nou wè sa.

Jenèz 45:1-28 ; 46:1-27.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje