BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 27
  • Yon move wa ap gouvène Ejip

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon move wa ap gouvène Ejip
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Moyiz chwazi adore Jewova
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yo travèse lanmè Wouj la
    Liv istwa biblik mwen an
  • Sis flewo ki te vin apre yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Twa premye flewo yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 27
Izrayelit yo tounen esklav Farawon ann Ejip.

ISTWA 27

Yon move wa ap gouvène Ejip

GADE yon seri mesye k ap fè moun yo fè travo fòse. Gade mesye sa a k ap bat youn nan travayè yo avèk yon fwèt. Travayè yo se nan fanmi Jakòb yo soti, yo rele yo Izrayelit. Mesye k ap fè yo fè travo fòse yo, se Ejipsyen yo ye. Ejipsyen yo fè Izrayelit yo tounen esklav. Ki jan sa te fè rive ?

Fanmi Jakòb la t ap viv anpè pandan anpil ane ann Ejip. Jozèf, ki te pi gwo chèf nan peyi a apre wa Farawon, te pran swen yo. Men kounye a Jozèf vin mouri. Se yon lòt Farawon, yon Farawon ki pa t renmen Izrayelit yo, ki vin wa ann Ejip.

Move Farawon sa a te fè Izrayelit yo tounen esklav. Li te mete bouwo ki mechan e ki san pitye sou tèt yo. Yo te fè Izrayelit yo travay di anpil pou yo konstwi vil pou Farawon. Men, kantite Izrayelit yo te toujou ap ogmante vin pi plis. Sa te fè Ejipsyen yo vin kraponnen paske Izrayelit yo te vin anpil e yo te gen fòs.

Ejipsyen yo maltrete izrayelit yo e yo bat yo.

Èske w konnen ki sa Farawon te fè ? Li pale ak fanmsaj ki te konn ede medam izrayelit yo lè yo t ap akouche, li te di yo konsa : ‘ Depi se pitit gason Izrayelit yo fè, touye yo. ’ Men fanmsaj yo te bon moun, yo pa t touye tibebe izrayelit yo vre.

Lè Farawon wè sa, li pase tout pèp li lòd, li di l : ‘ Pran tout tibebe izrayelit yo fè, depi se tigason, touye yo. Se sèl tifi pou nou kite viv. ’ Èske lòd sa a se pa yon lòd ki tèrib ? Annou wè jan youn nan tibebe sa yo te fè sove.

Egzòd 1:6-22.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje