BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 20 p. 52-p. 53 par. 3
  • Sis flewo ki te vin apre yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sis flewo ki te vin apre yo
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Twa premye flewo yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Moyiz ak Arawon wè ak Farawon
    Liv istwa biblik mwen an
  • Moyiz chwazi adore Jewova
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Yon move wa ap gouvène Ejip
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 20 p. 52-p. 53 par. 3
Yon bann ak yon pakèt krikèt.

LESON 20

Sis flewo ki te vin apre yo

Moyiz ak Arawon t al fè Farawon konn sa Bondye voye di l, yo di l: ‘Si w pa kite pèp mwen an ale, m ap voye gwo mouch nan peyi a.’ Yon pakèt gwo mouch te anvayi kay Ejipsyen yo, ni kay moun ki rich, ni kay moun ki pòv. Tout peyi a te chaje ak gwo mouch. Men, nan Gochenn, kote Izrayelit yo te ye a, pa t menm gen yon sèl gwo mouch. Apati katriyèm flewo sa a, se sèl sou Ejipsyen yo malè yo te tonbe. Farawon te sipliye Moyiz, li di l: ‘Sipliye Jewova pou l retire gwo mouch sa yo nan peyi a. Apre sa, pèp ou a ka ale.’ Men, lè Jewova te retire gwo mouch yo, Farawon te chanje lide. Èske Farawon t ap janm pran leson nan sa k te rive yo?

Jewova te di: ‘Si Farawon pa kite pèp mwen an ale, bèt Ejipsyen yo ap vin malad e y ap mouri.’ Nan demen, bèt yo te kòmanse mouri. Men, bèt Izrayelit yo pa t mouri. Farawon te kontinye fè tèt di, e li pa t chanje lide.

Epi, Jewova voye Moyiz tounen kot Farawon pou l al voye sann anlè. Sann nan te vin tounen pousyè nan lè a ki t al poze sou tout Ejipsyen yo. Pousyè a te fè gwo bouton leve sou kò tout Ejipsyen yo e sou bèt yo te genyen yo. Malgre sa, Farawon te refize kite Izrayelit yo ale.

Flewo ki te tonbe sou Ejipsyen yo, flewo 4 rive nan flewo 6: gwo mouch, flewo sou bèt yo, gwo bouton.

Jewova te fè Moyiz tounen al pale ak Farawon, li te voye di l: ‘Èske w toujou refize voye pèp mwen an ale? Demen, lagrèl ap tonbe sou peyi a tankou grenn lapli.’ Nan demen, Jewova te fè lagrèl, loray ak dife tonbe sou peyi a. Se pi gwo tanpèt ki te pase sou peyi Ejip. Tout pyebwa yo ak tout jaden yo te kraze, men, sa k te Gochenn yo pa t gen anyen. Epi, Farawon di Moyiz: ‘Sipliye Jewova pou malè sa a sispann! Apre sa, ou mèt ale.’ Men, kou lagrèl la ak lapli a sispann, Farawon chanje lide.

Epi, Moyiz di: ‘Kounye a, krikèt pral manje tout plant tanpèt lagrèl la kite dèyè yo.’ Gen plizyè milyon krikèt ki te manje tout sa k te rete nan jaden yo ak tout sa k te rete sou pyebwa yo. Farawon te sipliye Moyiz, li di l: ‘Sipliye Jewova pou l voye krikèt sa yo ale.’ Men, menm apre Jewova te fin fè krikèt yo ale, Farawon te kontinye fè tèt di.

Jewova di Moyiz: ‘Leve men w nan syèl la.’ Menm kote a, syèl la vin tou nwa. Pandan twa jou, Ejipsyen yo pa t ka wè anyen ni pèsonn. Se sèl Izrayelit yo ki te gen limyè lakay yo.

Flewo ki te tonbe sou Ejipsyen yo, flewo 7 rive nan flewo 9: lagrèl, krikèt, fènwa.

Epi, Farawon di Moyiz: ‘Ou menm ak pèp ou a mèt ale. Yon sèl bagay, kite bèt nou yo isit la.’ Moyiz di l: ‘Nou dwe pran bèt nou yo pou n fè sakrifis pou Bondye nou an.’ Farawon te vin fache anpil. Li te di Moyiz byen fò: ‘Retire w devan m nan! Depi m wè w ankò, m ap touye w!’

“Yon lòt fwa ankò, n ap wè diferans ant yon moun ki jis ak yon moun ki mechan, ant yon moun k ap sèvi Bondye ak yon moun ki pap sèvi Bondye.” — Malachi 3:18.

Kesyon: Ki lòt flewo Jewova te lage sou Ejip? Sa k fè malè sa yo pa t menm ak twa premye yo?

Egzòd 8:20–10:29.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje