BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 40
  • Moyiz frape wòch la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Moyiz frape wòch la
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Yon Jij ki toujou aji selon sa ki dwat
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2009
  • Kesyon lektè yo poze
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2010
  • Jozye vin alatèt pèp la
    Liv istwa biblik mwen an
  • Nan ki direksyon je w ap gade?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 40
Moyiz ak Arawon fè kwè se yo ki fè dlo soti nan wòch la.

ISTWA 40

Moyiz frape wòch la

ANE ale, ane vini. Dizan, ventan, trant an, trant nevan gentan pase ! Izrayelit yo toujou nan dezè a. Men Jewova te okipe pèp li a pandan tout tan sa a. Li ba yo lamàn pou yo manje. Li dirije yo lajounen avèk yon mas nyaj. Leswa, li dirije yo avèk yon mas dife. Pandan tout ane sa yo, rad yo pa t janm chire ni pye yo pa t janm anfle.

Kounye a, nou nan premye mwa karantyèm ane depi Izrayelit yo kite peyi Ejip. Izrayelit yo tabli kan yo Kadèch ankò. Se menm kote sa a yo te ye lè Moyiz te voye 12 espyon al espyone peyi Kanaran an. Sa prèske gen karant an. Miryam, sè Moyiz la, mouri etan Kadèch. Vin gen yon seri pwoblèm menm jan ak pwoblèm yo te genyen isit la premye fwa a.

Pèp la pa kapab jwenn dlo. Sa yo fè, y al plenyen bay Moyiz. Yo di konsa : ‘ Li t ap pi bon si nou te mouri. Poukisa w te fè nou soti nan peyi Ejip pou w mennen nou yon kote ki gen mizè konsa, yon kote anyen pa kapab pouse ? Pa gen sereyal, pa gen fig frans, pa gen rezen, pa gen grenad. Ata dlo pa genyen pou moun bwè. ’

Etan Moyiz ak Arawon al lapriyè nan tabènak la, Jewova di Moyiz konsa : ‘ Rasanble pèp la, pale ak wòch ki pa lòt bò a devan yo tout. Dlo ap soti nan wòch la dekwa pou pèp la bwè ansanm ak tout bèt yo. ’

Moyiz rasanble pèp la vrèman, epi li di konsa : ‘ Tande non, nou menm ki pa gen konfyans nan Bondye ! Èske fòk Arawon avè m fè dlo soti nan wòch sa a pou nou ? ’ Menm kote a, Moyiz frape wòch la de fwa avèk baton l lan, epi dlo vide soti nan wòch la tankou yon rivyè. Gen bon kantite dlo pou tout moun ak tout bèt bwè.

Men, Jewova pa kontan ni ak Moyiz ni ak Arawon. Èske w konn poukisa ? Se paske Moyiz ak Arawon te di se yo menm ki t apral fè dlo soti nan wòch la. Men, an reyalite, se Jewova ki te fè sa. Piske Moyiz ak Arawon pa t di laverite sou kesyon sa a, Jewova di li pral pini yo. Li di yo konsa : ‘ Nou pap fè pèp mwen an antre nan Kanaran. ’

Yon ti moman apre, Izrayelit yo te kite Kadèch. Apre yon ti tan, yo te rive sou mòn ki rele Ò a. Se la, etan yo sou tèt mòn nan, Arawon mouri. Li mouri a 123 an. Izrayelit yo tris anpil. Tout pèp la fè 30 jou ap kriye pou Arawon. Eleyaza, pitit gason Arawon an vin gran prèt pou nasyon Izrayèl la.

Nonb 20:1-13, 22-29 ; Detewonòm 29:5.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje