BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 43
  • Jozye vin alatèt pèp la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jozye vin alatèt pèp la
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jewova chwazi Jozye
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Moyiz frape wòch la
    Liv istwa biblik mwen an
  • Douz espyon yo
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jozye 1:9 — “Mete kouraj sou ou [...] mete kran sou ou”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 43
Jozye, Moyiz ak Eleyaza, prèt la.

ISTWA 43

Jozye vin alatèt pèp la

MOYIZ ta renmen antre Kanaran avèk Izrayelit yo. Li di Jewova konsa : ‘ O Jewova, kite m janbe rivyè Jouden an pou m wè bon peyi a. ’ Jewova reponn Moyiz : ‘ Silans ! Pa pale m de sa ankò ! ’ Èske w konnen poukisa Jewova reponn Moyiz konsa ?

Se poutèt sa ki te pase lè Moyiz te frape wòch la. Ou sonje sa, Moyiz ak Arawon pa t onore Jewova lè sa a. Yo pa t di pèp la se Jewova ki te fè dlo soti anndan wòch la. Se pou rezon sa a, Jewova te di li pap kite yo antre nan peyi Kanaran.

Kèk mwa apre Arawon fin mouri, Jewova di Moyiz konsa : ‘ Pran Jozye, prezante l devan prèt Eleyaza ak devan pèp la. Fè tout moun konnen devan tout pèp la se Jozye ki alatèt kounye a. ’ Moyiz annik fè sa Jewova di l fè a, tankou jan w ap gade sa nan foto a.

Apre sa, Jewova di Jozye : ‘ Met kouraj sou ou, ou pa bezwen pè. Ou pral mennen Izrayelit yo nan peyi Kanaran mwen te pwomèt yo a. M ap avèk ou. ’

Lèfini, Jewova di Moyiz pou l monte sou mòn Nebo ki nan peyi Mowab la. Etan la, Moyiz kapab gade pa lòt bò rivyè Jouden an, yon fason pou li kapab wè bèl peyi Kanaran an. Jewova di l konsa : ‘ Se peyi sa a mwen te pwomèt pou m bay pitit Abraram yo, pitit Izarak yo ak pitit Jakòb yo. Mwen kite w wè l, men mwen pap kite w antre ladan l. ’

Se sou mòn Nebo Moyiz mouri. Li te gen 120 an. Li te toujou gen kouraj li sou li, li te toujou wè byen klè. Pèp la tris anpil, epi yo tonbe rele lè yo wè Moyiz mouri. Men, yo te kontan pou yo gen Jozye kòm nouvo chèf.

Nonb 27:12-23 ; Detewonòm 3:23-29 ; 31:1-8, 14-23 ; 32:45-52 ; 34:1-12.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje