BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 38
  • Douz espyon yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Douz espyon yo
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Douz espyon
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jozye vin alatèt pèp la
    Liv istwa biblik mwen an
  • Moyiz frape wòch la
    Liv istwa biblik mwen an
  • Rahab kache espyon yo
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 38
Jozye ak Kalèb ansanm ak lòt espyon ap montre Moyiz bèl fwi ki soti nan peyi Kanaran.

ISTWA 38

Douz espyon yo

GADE fwi ki sou zepòl mesye sa yo. Tèlman grap rezen an gwo, se de gason ki oblije sèvi ak yon bout bwa pou yo pote l. Gade de fig frans, gade de grenad ! Ki kote bèl fwi sa yo soti ? Se nan peyi Kanaran. Sonje, se nan peyi Kanaran Abraram, Izarak ak Jakòb t ap viv. Men akòz yon grangou ki te genyen lòt bò a, Jakòb ansanm ak tout fanmi l te bwote al ann Ejip. Kounye a, sa gen 216 ane depi sa te fèt. Moyiz ap mennen pèp la tounen Kanaran. Yo rive yon kote nan dezè a ki rele Kadèch.

Se move moun kap viv nan peyi Kanaran. Se poutèt sa, Moyiz voye 12 espyon, li di yo konsa : ‘ Chèche konnen konbyen moun k ap viv nan peyi a, gade si yo djanm. Gade si tè a bon pou donnen manje. Epi pa bliye pote kèk fwi vini. ’

Lè espyon yo retounen Kadèch, yo di Moyiz konsa : ‘ An verite se yon bèl peyi. ’ Pou demontre sa yo di a, yo pote kèk fwi montre Moyiz. Men gen dis nan espyon yo ki di konsa : ‘ Moun k ap viv lòt bò sa yo, yo djanm epi yo gen fòs. Y ap touye nou si nou eseye al pran peyi a. ’

Izrayelit yo pè lè yo tande sa. Yo di konsa : ‘ Li t ap pi bon si nou te mouri nan peyi Ejip oswa isit la nan dezè a. Y ap touye nou si n al nan batay, y ap mete madanm nou ak pitit nou anba kòd. Annou chwazi yon lòt chèf nan plas Moyiz, epi annou retounen ann Ejip ! ’

Men, gen de nan espyon yo ki gen konfyans nan Jewova, y ap eseye kalme pèp la. Youn rele Jozye, lòt la rele Kalèb. Yo di pèp la konsa : ‘ Nou pa bezwen pè. L ap fasil pou nou pran peyi a paske Jewova avèk nou. ’ Men, pèp la pa vle tande. Yo menm vle touye Jozye ak Kalèb.

Jewova te ankòlè poutèt sa, li di Moyiz : ‘ Nanpwen yon moun pami pèp sa a ki deja gen 20 an sou tèt li k ap antre nan peyi Kanaran an. Yo te wè mirak mwen te fè ni nan peyi Ejip, ni nan dezè a, malgre sa, yo pa gen konfyans nan mwen toujou. Se konsa y ap fè 40 an ap vire won nan dezè a jiskaske dènye grenn moun nan mouri. Se Jozye ak Kalèb sèlman k ap antre nan peyi Kanaran an.

Nonb 13:1-33 ; 14:1-38.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje