BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 29 p. 74-p. 75 par. 2
  • Jewova chwazi Jozye

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova chwazi Jozye
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Jozye vin alatèt pèp la
    Liv istwa biblik mwen an
  • Jozye 1:9 — “Mete kouraj sou ou [...] mete kran sou ou”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • Pwen enteresan nou jwenn nan liv Jozye a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2005
  • Yo janbe rivyè Jouden an
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 29 p. 74-p. 75 par. 2
Kèk prèt k ap travèse Rivyè Jouden an ak lach alyans lan.

LESON 29

Jewova chwazi Jozye

Jozye k ap li Lalwa.

Apre Moyiz te fin pase plizyè ane ap gide pèp Izrayèl la e li pa t manke anpil tan pou l mouri, Jewova te di l: ‘Se pa ou menm k ap fè pèp la antre nan peyi mwen te pwomèt li a. Men, m ap kite w wè peyi a.’ Epi, Moyiz mande Jewova pou l chwazi yon nouvo gid pou pran swen pèp la. Jewova di l: ‘Al kot Jozye, di l se li menm mwen chwazi.’

Moyiz te fè nasyon an konnen talè konsa li pral mouri, e li di yo Jewova te chwazi Jozye pou mennen yo nan peyi l te pwomèt yo a. Men sa Moyiz te di Jozye: ‘Pinga w pè. Jewova ap ede w.’ Yon tikras tan annapre, Moyiz te monte sou tèt Mòn Nebo, e se la Jewova te fè l wè peyi li te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb la. Moyiz te mouri a 120 an.

Moyiz k ap mete Jozye nan fonksyon l devan prèt la ak kèk lòt mesye.

Apre sa, Jewova di Jozye: ‘Travèse Rivyè Jouden an pou w al Kanaran. M ap ede w menm jan m te ede Moyiz la. Se pou w li Lwa m bay la chak jou. Pinga w pè. Mete kouraj sou ou. Ale, epi fè sa m ba w lòd fè yo.’

Jozye te voye de espyon nan vil Jeriko. Nan istwa ki vin apre a, n ap aprann plis bagay sou sa k te pase lòtbò a. Lè yo te sot Jeriko, yo te di lè a rive pou yo antre Kanaran. Nan demen, Jozye te di nasyon an pou l deplase. Apre sa, li fè prèt yo ki t ap pote lach alyans lan pran devan pou yo antre nan Rivyè Jouden an. Lè sa a, rivyè a t ap desann. Men, kou pye prèt yo touche dlo a, rivyè a te sispann koule e dlo a te seche! Prèt yo te antre nan mitan rivyè a ki te vin sèch e yo te ret kanpe la. Epi, tout nasyon Izrayèl la te travèse sou lòt bò a. Èske w panse mirak sa a te fè yo sonje mirak Jewova te fè nan Lanmè Wouj la?

Apre tout ane sa yo, Izrayelit yo te resi rive nan peyi Bondye te pwomèt yo a. Yo te ka bati kay e yo te ka fè vil. Yo te ka fè jaden ki bay manje, jaden rezen ak jaden fwi. Se te yon peyi kote lèt ak siwo myèl t ap koule.

“Jewova ap toujou gide nou, e l ap ban nou sa nou bezwen menm nan yon tè ki sèch.” — Ezayi 58:11.

Kesyon: Kiyès ki te vin gid Izrayelit yo apre lanmò Moyiz? Ki sa k te rive nan Rivyè Jouden an?

Nonb 27:12-23; Detewonòm 31:1-8; 34:1-12; Jozye 1:1–3:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje