BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 41
  • Yon koulèv an kuiv

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon koulèv an kuiv
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Yon pye pikan ki gen dife ladan l
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • ‘Nan mòn li yo n’a jwenn kuiv’
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Flanm dife nan yon touf raje
    Liv istwa biblik mwen an
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 41
Izrayelit koulèv mòde yo ap gade sèpan an kuiv Moyiz te fè a.

ISTWA 41

Yon koulèv an kuiv

ÈSKE koulèv ki vlope kò l nan poto a sanble ak yon koulèv toutbon ? Non, se yon koulèv an kuiv li ye. Jewova te di Moyiz pou l mete koulèv la sou poto a, yon fason pou moun ki gade l pa mouri. Men, koulèv ki atè yo se koulèv toutbon yo ye. Y ap mòde moun yo, e sa fè moun yo malad. Èske w konn sa k fè sa rive ?

Se paske Izrayelit yo t ap pale Bondye ak Moyiz mal. Yo t ap plede plenyen, yo t ap di : ‘ Poukisa ou te fè nou soti nan peyi Ejip pou nou vin mouri nan dezè sa a ? Isit la, pa gen ni dlo, ni manje. Epitou, nou bouke ak lamàn sa a atò. ’

Men, se bon manje lamàn nan ye. Se yon mirak Jewova te fè pou yo. Li te fè mirak pou l ba yo dlo pou yo bwè tou. Malgre sa, pèp la pa t gen Jewova rekonesans pou jan li te okipe yo. Se sa ki fè, kòm pinisyon, Jewova voye koulèv anpwazonnen sa yo k ap mache mòde yo. Anpil ladan yo mouri.

Finalman, pèp la vin di Moyiz konsa : ‘ Nou fè peche, paske nou pale ni ou ni Jewova mal. Kounye a, priye Jewova pou l fè koulèv yo ale. ’

Moyiz ak koulèv an kuiv la.

Moyiz priye pou pèp la. Jewova di Moyiz pou l fè koulèv an kuiv sa a. Li di l mete l sou yon poto, pou kèlkeswa moun yon koulèv mòde kapab gade l. Moyiz annik fè sa Bondye di a. Tout moun koulèv te mòde gade koulèv an kuiv la, epi yo geri.

Gen yon leson nou kapab aprann la a. Nou chak, nan yon sans, nou tankou Izrayelit koulèv te mòde. Nou tout, nou kondane pou n mouri. Gade bò kote w epi w ap wè moun ki kòmanse vyeyi, moun k ap malad, moun k ap mouri. Sa rive paske de premye mesyedam yo, anpalan de Adan ak Èv, te vire do bay Jewova. Nou menm, se pitit yo nou ye. Men, Jewova pran yon dispozisyon pou nou kapab viv pou toutan.

Jewova te voye Jezi Kris, Pitit Gason l an, sou tè a. Yo te pann li sou yon poto, paske anpil moun te panse li se yon move moun. Men Jewova te bay Jezi pou sove nou. Si nou leve tèt gade l, si nou suiv li, n ap jwenn lavi pou toutan an. Men, nou gen pou n aprann plis bagay sou sa pi devan.

Nonb 21:4-9 ; Jan 3:14, 15.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje