BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 79
  • Dànyèl nan twou lyon an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Dànyèl nan twou lyon an
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Dànyèl nan yon twou lyon
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Pwen enteresan ki nan liv Dànyèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Ann aprann nan egzanp Dànyèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Ki sa Bib la di sou Dànyèl?
    Repons Bib la bay
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 79
Dànyèl nan twou lyon an.

ISTWA 79

Danyèl nan twou lyon an

O ! O ! Danyèl genlè nan gwo pwoblèm. Men, apa lyon yo pa fè l anyen ! Ou konn sa k fè sa ? Kiyès ki mete l ansanm ak tout lyon sa yo ? Ann al wè sa.

Se yon mesye ki rele Dariyis ki wa Babilòn kounye a. Li renmen Danyèl anpil paske Danyèl se yon bon moun epi li gen sajès. Li fè l vin yon gwo chèf nan wayòm li an. Sa fè lòt chèf yo fè jalouzi.

Sa yo fè, y al kot Dariyis, yo di l : ‘ O wa, nou tout, nou wè li bon pou w fè yon lwa ki di pèsonn pa gen dwa priye okenn dye, ni okenn moun apa de ou menm, pandan 30 jou, o wa. Nenpòt moun ki dezobeyi lwa sa a, se pou yo lage l nan mitan lyon yo. ’ Dariyis pa konnen poukisa mesye yo vle pou l fè lwa sa a. Men, li twouve se yon bon lide. Sa l fè, li ekri lwa a. Kounye a, yo pa kapab chanje lwa a ankò.

Lè Danyèl aprann yo fè yon lwa konsa, l al lakay li, l al priye kòm li abitye fè. Bann mechan yo te konnen Danyèl pa t ap sispann priye Jewova. Yo kontan, piske yo wè plan yo fè pou yo debarase yo ak Danyèl la ap mache.

Lè wa Dariyis aprann poukisa mesye yo te vle fè lwa a, sa fè l mal anpil. Men, li pa kapab chanje lwa a. Donk, li oblije bay lòd pou lage Danyèl nan twou lyon an. Men, wa a di Danyèl konsa : ‘ Mwen espere Bondye w la, Bondye w ap sèvi a, ap delivre w. ’

Wa Dariyis gade nan twou lyon an.

Bagay sa a tèlman boulvèse Dariyis, li fè tout nuit lan li pa ka dòmi. Nan demen maten, li kouri al nan twou lyon an. Ou ka wè l anlè a. Li rele byen fò : ‘ Danyèl, sèvitè Bondye vivan an ! Èske Bondye w ap sèvi a te rive delivre w anba lyon yo ? ’

Danyèl reponn : ‘ Bondye te voye zanj li vin fèmen bouch lyon yo. Yo pa fè m anyen. ’

Se pa ti kontan wa a kontan. Li bay lòd pou yo retire Danyèl nan twou a. Lèfini, li fè lage bann mechan ki t ap eseye debarase yo ak Danyèl la nan twou lyon an. Lyon yo atrap yo depi anlè, e yo kraze tout zo yo.

Apre sa, wa Dariyis voye lèt bay tout pèp ki nan wayòm li an, li di yo : ‘ Mwen pase lòd pou tout moun respekte Bondye Danyèl la. Li konn fè gwo mirak. Li sove Danyèl anba bouch lyon yo. ’

Danyèl 6:1-28.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje