BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 64 p. 152-p. 153 par. 3
  • Dànyèl nan yon twou lyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Dànyèl nan yon twou lyon
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Dànyèl nan twou lyon an
    Liv istwa biblik mwen an
  • Pwen enteresan ki nan liv Dànyèl la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2007
  • Ann aprann nan egzanp Dànyèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 64 p. 152-p. 153 par. 3
Yon seri mesye ki jalou jwenn Dànyèl k ap priye devan yon fenèt tou ouvri.

LESON 64

Dànyèl nan yon twou lyon

Dariyis, moun peyi Medi a, te yon lòt wa nan Babilòn. Li te wè Dànyèl te yon moun espesyal. Li te met Dànyèl alatèt mesye ki nan pi gwo pozisyon yo. Mesye sa yo te jalou Dànyèl e yo te vle touye l. Yo te konnen Dànyèl priye Jewova twa fwa pa jou, se sa k fè yo te di Dariyis: ‘O monwa, dwe gen yon lwa ki di se ou sèl pou tout moun priye. Nenpòt moun ki dezobeyi lwa sa a, yo dwe lage l nan yon twou ki chaje ak lyon.’ Dariyis te renmen ide a e li te siyen lwa a.

Kou Dànyèl tande gen yon nouvo lwa, l al lakay li. Li met ajenou devan yon fenèt ki tou ouvri e li priye Jewova. Mesye jalou sa yo antre kay Dànyèl e yo jwenn li ap priye. Yo kouri al kot Dariyis, yo di l: ‘Dànyèl dezobeyi w. Li priye Bondye l la twa fwa pa jou.’ Dariyis te renmen Dànyèl e l pa t vle l mouri. Pandan tout jounen an, li t ap chèche delivre Dànyèl. Men, menm wa a pa t ka chanje lwa li te siyen an. Li te oblije bay mesye l yo lòd pou yo lage Dànyèl nan yon twou ki gen lyon ki mechan anpil.

Jou swa sa a, Dariyis te tèlman pè pou Dànyèl, li pa t ka dòmi. Nan demen maten, wa a kouri al bò twou a e li di Dànyèl byen fò: ‘Èske Bondye w la sove w?’

Dariyis te tande yon vwa. Se Dànyèl ki te reponn li! Li di Dariyis byen fò: ‘Zanj Jewova a fèmen bouch lyon yo. Yo pa fè m anyen ki mal.’ Se pa ti kontan Dariyis te kontan! Li bay lòd pou yo retire Dànyèl nan twou a. Lyon yo pa t menm grafonyen Dànyèl. Epi, men lòd wa a te bay: ‘Lage mesye ki te akize Dànyèl yo nan twou a.’ Lè yo lage mesye yo nan twou a, lyon yo te tou manje yo.

Men lòd Dariyis te voye bay pèp li a: ‘Tout moun dwe gen gwo respè pou Bondye Dànyèl l la. Li te delivre Dànyèl anba pat lyon yo.’

Èske w priye Jewova chak jou menm jan ak Dànyèl?

Dànyèl nan yon twou lyon.

“Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou li yo anba eprèv.” — 2 Pyè 2:9.

Kesyon: Ki sa Dànyèl te konn fè twa fwa pa jou? Ki jan Jewova te delivre Dànyèl?

Dànyèl 6:1-28.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje