BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 91
  • Jezi ap anseye sou yon mòn

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi ap anseye sou yon mòn
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Li chwazi apot li yo
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi chwazi douz apot
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi chwazi 12 apot li yo
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Premye disip Jezi yo
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 91
Jezi ap anseye nan Diskou sou mòn nan.

ISTWA 91

Jezi ap anseye sou yon mòn

GADE Jezi ki chita la a. L ap anseye tout moun sa yo sou yon mòn Galile. Moun ki chita toupre l yo se disip li. Li chwazi 12 ladan yo pou vin apot. Apot yo se disip espesyal yo ye pou Jezi. Ou konn ki jan yo rele ?

Gen Simon Pyè avèk yon frè l ki rele Andre. Epi gen Jak ak Jan, se frè yo ye tou. Gen yon lòt apot ki rele Jak tou. Gen yon lòt ki rele Simon tou. Gen de apot ki rele Jida. Youn se Jida Iskaryòt, lòt Jida a, yo konn rele l Tade. Apre sa, gen Filip, gen Natanayèl (yo rele l Batèlmi tou), epi gen Matye ak Toma.

Lè Jezi te vin sot Samari, se premye fwa li te di pawòl sa yo pandan li t ap preche : ‘ Men wayòm syèl la ap pwoche. ’ Èske w konnen ki sa wayòm sa a ye ? Se yon gouvènman toutbon Bondye tabli. Se Jezi ki wa ladan l. Detan nan syèl la, li pral gouvène tè a. L ap fè gen lapè sou li. Wayòm Bondye a pral fè tout tè a tounen yon bèl paradi.

La a, Jezi ap anseye moun yo sou wayòm nan. Men ki esplikasyon li bay : ‘ Men ki jan nou dwe priye : Papa nou ki nan syèl la, se pou yo onore non w. Se pou wayòm ou an vini, se pou volonte w fèt sou tè a menm jan li fèt nan syèl la. ’ Anpil moun rele lapriyè sa a : ‘ Priyè Seyè a. ’ Gen lòt tou ki rele l ‘ Nòtrepè. ’ Èske w ka resite lapriyè sa a nèt ?

Yon foul moun ap koute diskou Jezi te fè sou mòn nan.

Jezi ap montre moun yo tou jan youn dwe aji anvè lòt. Li di : ‘ Tout sa w ta renmen moun fè pou ou, fè l pou yo tou. ’ Èske w pa renmen lè moun byen aji anvè w ? Kidonk, sa Jezi vle di nou la a, se pou nou janti ak lòt moun. Èske se pap yon bèl bagay lè tout moun va aji konsa nan paradi a ?

Matye chapit 5 a chapit 7 ; Mt 10:1-4.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje