BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 80 p. 188-p. 189 par. 1
  • Jezi chwazi 12 apot li yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi chwazi 12 apot li yo
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Jezi chwazi douz apot
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Li chwazi apot li yo
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi ap anseye sou yon mòn
    Liv istwa biblik mwen an
  • Premye disip Jezi yo
    Koute gran Anseyan an
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 80 p. 188-p. 189 par. 1
Jezi ak 12 apot li yo.

LESON 80

Jezi chwazi 12 apot li yo

Apre Jezi te fin pase ennan edmi ap preche, li te dwe pran yon desizyon enpòtan. Kiyès li t apral chwazi pou travay bò kote l? Kiyès li t apral bay fòmasyon pou vin pran latèt nan kongregasyon an? Pou Jezi te ka pran desizyon sa yo, li te bezwen èd Jewova. Se sa k fè li t al sou yon mòn, kote l te ka ret poukont li, e li te pase tout yon nuit ap priye. Nan maten, Jezi te rele kèk nan disip li yo, epi li chwazi 12 apot yo. Non kiyès nan apot yo ou sonje? Men non yo: Pyè, Andre, Jak, Jan, Filip, Batèlmi, Toma, Matye, Jak ki pitit Alfe a, Tade, Simon ak Jida Iskaryòt.

Andre, Pyè, Filip, Jak

Andre, Pyè, Filip, Jak

Douz apot yo te konn vwayaje ansanm avè l. Apre l te fin ba yo fòmasyon, li te voye yo al preche poukont yo. Jewova te ba yo pouvwa pou yo chase demon e pou yo geri malad.

Jan, Matye, Batèlmi, Toma

Jan, Matye, Batèlmi, Toma

Jezi te rele 12 apot yo zanmi l e l te fè yo konfyans. Pou Farizyen yo, apot yo se te moun ki pa fè gwo etid e ki pa nan gwo pozisyon. Men, Jezi te ba yo fòmasyon pou travay yo t apral fè a. Yo t ap gen pou yo ansanm ak Jezi nan moman ki te pi enpòtan nan lavi l, tankou anvan l mouri ak lè l te fin resisite. Pifò nan 12 apot yo te moun Galile menm jan ak Jezi. Gen kèk ladan yo ki te marye.

Jak, pitit Alfe, Jida Iskaryòt, Tade, Simon

Jak, pitit Alfe, Jida Iskaryòt, Tade, Simon

Apot yo te moun ki enpafè, sa vle di yo te konn fè erè. Gendelè, yo te konn pale san reflechi e yo te konn pran move desizyon. Pafwa, yo pa t gen pasyans. Yo te menm konn ap diskite pou yo konnen kiyès ki pi enpòtan. Men, yo te yon seri bon moun ki renmen Jewova. Se yo ki t apral premye moun ki t ap gen yon travay enpòtan pou yo fè nan kongregasyon an lè Jezi fin ale.

“Mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout bagay mwen tande Papa m di.” — Jan 15:15.

Kesyon: Kiyès Jezi te chwazi pou vin 12 apot li yo? Ki sa Jezi te voye apot li yo al fè?

Matye 10:1-10; Mak 3:13-19; 10:35-40; Lik 6:12-16; Jan 15:15; 20:24, 25; Travay 2:7; 4:13; 1 Korentyen 9:5; Efezyen 2:20-22.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje