BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 96
  • Jezi geri malad

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi geri malad
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Jezi vini antanke Wa
    Liv istwa biblik mwen an
  • “Gen yon lè” pou moun travay ak “yon lè” pou moun pran repo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Èske kretyen yo dwe obsève saba?
    Repons Bib la bay
  • Yo kase kèk grap ble nan jou saba a
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 96
Chèf relijye yo fache pandan y ap gade Jezi k ap geri fi malad la.

ISTWA 96

Jezi geri malad

PANDAN Jezi ap vwayaje nan tout peyi a, li geri malad. Nouvèl la gaye nan tout bouk ak nan tout vil ki nan peyi a. Donk, moun yo mennen moun ki kokobe, avèg, moun soud ak anpil lòt malad ba li. Jezi geri tout nèt.

Twazan gentan pase depi Jan te batize Jezi. Jezi di apot li yo talè konsa l ap monte Jerizalèm kote y ap touye l e apre sa l ap resisite. Antretan, Jezi kontinye ap geri malad.

Yon lè, se te yon jou saba, e Jezi t ap anseye. Saba se jou repo pou Juif yo. Fi sa a ou wè la a malad anpil. Li gen 18 an depi do l bosi. Li pa kapab kanpe dwat. Sa Jezi fè, li poze men l sou fi a, e fi a kanpe dwat. Li geri !

Sa fè chèf relijye yo fache anpil. Youn ladan yo rele sou foul la, li di : ‘ Gen sis jou travay. Se nan jou sa yo pou nou vin chèche gerizon, se pa nan jou saba a ! ’

Men, Jezi reponn : ‘ Bann mechan ! Nenpòt nan nou ka al demare bourik li pou l mennen l bwè dlo jou saba a. Donk, èske malerèz sa a, ki sot fè 18 an malad pa t dwe jwenn gerizon jou saba a ? ’ Repons Jezi a fè mechan yo wont.

Apre sa, Jezi ak apot li yo pran direksyon Jerizalèm. Apèn yo kite Jeriko, gen de mandyan avèg ki tande Jezi ap pase. Yo di byen fò : ‘ Jezi, fè kichòy pou nou ! ’

Jezi rele avèg yo, li mande yo : ‘ Ki sa nou ta renmen m fè pou nou ? ’ Yo di l : ‘ Seyè, fè je nou ouvri. ’ Jezi manyen je yo e menm kote a yo wè ! Èske w konnen poukisa Jezi fè tout kalite bèl mirak sa yo ? Se paske li renmen moun yo, li vle pou yo gen lafwa nan li. Sa fè nou gen asirans, lè Jezi ap dirije kòm wa, pap gen moun k ap malad ankò sou tè a.

Matye 15:30, 31 ; Lik 13:10-17 ; Matye 20:29-34.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje