BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 97
  • Jezi vini antanke Wa

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi vini antanke Wa
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Wa a antre Jerizalèm sou yon ti bourik
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi geri malad
    Liv istwa biblik mwen an
  • Yon bourik tonbe pale
    Liv istwa biblik mwen an
  • Ki sa Wayòm Bondye a ye? Kòman n ap montre nou vle li vini?
    Koute gran Anseyan an
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 97
Moun yo ap balanse fèy palmis lè Jezi ap pase sou yon ti bourik.

ISTWA 97

Jezi vini antanke Wa

YON tikras tan apre Jezi fin geri de mandyan avèg yo, li antre nan yon ti bouk ki toupre Jerizalèm. Li di de nan disip li yo konsa : ‘ Ale nan ti bouk la, n ap wè yon jèn ti bourik. Demare l mennen pou mwen. ’

Lè yo mennen ti bourik la ba li, li chita sou li. Li deplase al Jerizalèm ki toupre. Lè l prèske rive nan vil la, yon gwo foul moun vin rankontre l. Pifò moun retire manto yo met atè nan wout la. Gen lòt ki koupe fèy palmis, yo mete yo nan wout la tou, e yo tonbe di byen fò : ‘ Benediksyon pou wa ki vini nan non Jewova a ! ’

Nan tan lontan ann Izrayèl, lè yon moun fèk wa, li antre nan vil Jerizalèm sou yon ti bourik pou li parèt devan pèp la. Se sa Jezi ap fè la a. Moun yo montre jan yo ta renmen pou Jezi vin wa sou yo. Men, se pa tout moun ki vle sa. Sa ki pral pase lè Jezi al nan tanp lan ap demontre nou sa.

Lè Jezi rive nan tanp lan, li geri ni avèg ni kokobe. Lè timoun piti yo wè sa, yo tonbe chante louwanj byen fò pou Jezi. Men, sa fè prèt yo fache. Yo di Jezi konsa : ‘ Ou pa tande sa timoun yo ap di ? ’

Jezi reponn : ‘ Mèwi m tande. Nou pa janm li nan Bib la yon kote li di : “ Bondye ap fè louwanj soti nan bouch timoun yo ? ” ’ Timoun yo kontinye ap fè louwanj pou wa Bondye chwazi a.

Nou ta renmen menm jan ak timoun sa yo, pa vre ? Gen moun ki ka eseye anpeche nou pale de Wayòm Bondye a. Men, n ap kontinye di bèl mèvèy Jezi pral fè pou moun yo.

Lè Jezi te sou tè a, se potko moman an pou l te kòmanse dirije kòm wa. Ki lè tan sa a t ap rive ? Disip Jezi yo te vle konnen. Se sou sa nou pral pale.

Matye 21:1-17 ; Jan 12:12-16.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje