BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 42
  • Yon bourik tonbe pale

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon bourik tonbe pale
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Bourik Balaam nan k ap pale.
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jezi vini antanke Wa
    Liv istwa biblik mwen an
  • Nonb — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Pwen enteresan nou jwenn nan liv Nonb lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 42
Bourik la pale ak Balaram paske yon zanj bloke wout la.

ISTWA 42

Yon bourik tonbe pale

ÈSKE w janm tande kote bourik ap pale ? Siman w di : ‘ Non, bèt pa ka pale. ’ Men, Bib la di gen yon bourik ki te pale. Annou wè ki jan sa te pase.

Izrayelit yo te prèt pou yo antre nan peyi Kanaran. Balak, wa Mowab la, te pè Izrayelit yo. Sa l fè, li voye dèyè yon moun entèlijan yo rele Balaram pou vin modi Izrayelit yo. Balak ofri Balaram anpil lajan. Balaram monte sou bourik li, li pati al kot Balak.

Jewova pa t vle pou Balaram modi pèp Li a. Sa l fè, li voye yon zanj avèk yon epe byen long al kanpe nan wout la pou l bare Balaram. Balaram pa kapab wè zanj lan, men, bourik la wè l. Bourik la t ap bat pou l rale kò l devan zanj lan. Finalman, bourik la kouche atè. Balaram tèlman ankòlè, li tonbe bat bourik la avèk baton l lan.

Kounye a, Jewova fè Balaram tande bourik la k ap pale avè l. Bourik la di l konsa : ‘ Sa m fè w ki fè w ap bat mwen konsa ? ’

Balaram reponn : ‘ Se paske w pran m pou moun sòt. Si m te gen yon epe nan men m, mwen t ap touye w ! ’

Bourik la mande l : ‘ Èske m te konn fè w sa anvan ? ’

Balaram reponn : ‘ Men non. ’

Lè sa a, Jewova fè Balaram wè zanj lan ki kanpe nan wout la avèk yon epe nan men l. Zanj lan mande Balaram : ‘ Poukisa w ap bat bourik la konsa ? Mwen vin bare w menm, paske ou pa dwe al modi Izrayèl. Si bourik ou a pa t rale kò l devan m, mwen t ap touye w. Men, mwen pa t ap fè bourik la anyen. ’

Balaram di konsa : ‘ Mwen peche. Mwen pa t konnen si w te kanpe nan wout la. ’ Zanj lan kite Balaram al kot Ba lakretyente Lè l rive, li eseye modi pèp la kanmenm. Men, olye li modi pèp la, Jewova fè li beni pèp la twa fwa.

Nonb 21:21-35 ; 22:1-40 ; 23:1-30 ; 24:1-25.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje