BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 28 p. 70-p. 71 par. 1
  • Bourik Balaam nan k ap pale.

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Bourik Balaam nan k ap pale.
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Yon bourik tonbe pale
    Liv istwa biblik mwen an
  • Nonb — Sa ki gen nan liv sa a
    Labib — Tradiksyon monn nouvo a
  • Pwen enteresan nou jwenn nan liv Nonb lan
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 28 p. 70-p. 71 par. 1
Bourik Balaam nan ki kouche nan wout la lè l wè zanj Bondye a.

LESON 28

Bourik Balaam nan pale

Izrayelit yo te nan dezè a depi prèske 40 an. Yo te goumen ak yon pakèt gwo vil e yo te bat yo. Kounye a, yo monte kan yo nan plèn Mowab, nan lès Rivyè Jouden an, e lè a te rive pou yo antre nan peyi Bondye te pwomèt yo a. Balak, wa peyi Mowab la, te pè pou yo pa pran peyi a nan men l. Se sa k fè li te envite yon mesye ki te rele Balaam pou l vin nan vil Mowab pou l ka bay Izrayelit yo madichon.

Jewova te di Balaam: ‘Ou pa dwe bay Izrayelit yo madichon.’ Se sa k fè Balaam te refize al nan peyi Mowab. Wa Balak te envite l yon dezyèm fwa e li te pwomèt li l ap ba l tout sa l vle. Aktout sa, Balaam te refize ale. Epi, Bondye di Balaam: ‘Ou mèt ale, men, se sèl sa m di w pou w di.’

Balaam monte bourik li, epi li pran wout ki mennen nan sid peyi Mowab. Li te gen nan lespri l pou l bay Izrayelit yo madichon, byenke Jewova te di l pa fè sa. Gen yon zanj Jewova ki te parèt sou wout la pandan twa fwa. Balaam pa t ka wè zanj lan, men, bourik Balaam nan te ka wè l. Premye fwa zanj lan te parèt la, bourik la kite wout la e li antre nan yon jaden. Dezyèm fwa a, bourik la kole kò l nan yon mi ki fèt ak wòch e li te kwense pye Balaam nan mi an. Alafen, bourik la kouche nan mitan wout la. Chak fwa sa yo, Balaam te bay bourik la kout baton.

Sou twazyèm fwa a, Jewova fè bourik la pale. Bourik la mande Balaam: ‘Poukisa w ap plede ban m kou konsa?’ Balaam reponn: ‘Ou fè moun pran m pou egare. Si m te gen yon epe, mwen t ap touye w.’ Bourik la di: ‘Sa fè plizyè ane depi w ap monte m. Èske m te janm konn aji avè w konsa?’

Epi, Jewova fè Balaam wè zanj lan. Zanj lan di Balaam: ‘Jewova te avèti w pinga w bay Izrayelit yo madichon.’ Balaam reponn: ‘Mwen antò. M ap tounen lakay mwen.’ Men, zanj lan di l: ‘Ou mèt al Mowab, men, se sèl sa Jewova vle w di pou w di.’

Èske Balaam te pran leson? Non. Apre sa, Balaam te eseye bay Izrayelit yo madichon pandan twa fwa. Men, chak fwa sa yo, Jewova te fè l beni Izrayelit yo pito. Pi devan, Izrayelit yo t al goumen ak moun peyi Mowab yo e yo te touye Balaam. Èske l pa t ap pi bon pou Balaam te koute Jewova depi premye fwa a?

“Evite tout kalite tanta. Paske, menm lè yon moun ap viv nan abondans, lavi l pa depann de bagay li posede yo.” — Lik 12:15.

Kesyon: Poukisa Balaam t al nan peyi Mowab? Ki sa k te rive l pandan l nan wout?

Nonb 22:1–24:25; 31:8; Neyemi 13:2; 2 Pyè 2:15, 16; Jid 11.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje