BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • my istwa 102
  • Jezi vivan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi vivan
  • Liv istwa biblik mwen an
  • Sou menm sijè a
  • Bondye pa bliye Pitit Gason l lan
    Koute gran Anseyan an
  • Tonm nan vid, Jezi vivan!
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi vivan!
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jezi resisite
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
Gade plis
Liv istwa biblik mwen an
my istwa 102
De zanj nan tonm Jezi a di Mari Magdalèn Jezi resisite.

ISTWA 102

Jezi vivan

MADANM sa a ak de mesye sa yo, èske w konnen kiyès yo ye ? Madanm nan se yon zanmi Jezi. Li rele Mari Magdalèn. Mesye ki abiye an blan yo se zanj yo ye. Ti chanm piti kote Mari ap gade a, se kote yo te mete kò Jezi lè l te fin mouri. Yo rele sa tonm. Men, kò a disparèt ! Kiyès ki pran l ? Ann al gade.

Lè Jezi te fin mouri, prèt yo di Pilat konsa : ‘ Lè Jezi te vivan, li te di li gen pou l resisite sou twa jou. Poutèt sa, bay lòd pou yo siveye tonm nan, konsa, disip yo pap ka vòlè kò a, e yo pap ka fè konnen li resisite ! ’ Pilat di prèt yo pou yo voye sòlda al siveye tonm nan.

Men, byen bonè, sou twazyèm jou lanmò Jezi, yon zanj Jewova parèt bridsoukou. Li woule wòch ki bare tonm nan met akote. Sòlda yo tèlman pè, yo pa ka deplase. Finalman, lè yo gade anndan tonm nan, kò a disparèt ! Genyen nan sòlda yo ki al di prèt yo nan vil la sa. Èske w konnen ki saprèt mechan sa yo fè ? Yo peye sòlda yo pou yo fè manti. Yo di sòlda yo konsa : ‘ Di se disip li yo ki te vini lannuit lan, pandan nou t ap dòmi, e yo vòlè kò a. ’

Antretan, kèk nan medam ki zanmi Jezi yo al nan tonm nan. Se pa ti sezi yo sezi lè yo wè l vid ! Bridsoukou, de zanj ki gen rad klere sou yo parèt. Yo mande medam yo : ‘ Poukisa se la a n ap chèche Jezi ? Li resisite. Kouri al di disip li yo sa. ’ Medam yo pati ak tout boulin ! Men, etan yo nan wout la, yon mesye kanpe yo. Ou konn kiyès ? Se Jezi ! Li di medam yo : ‘ Al fè disip mwen yo konn sa. ’

Lè medam yo di disip yo Jezi vivan e yo di yo wè l ak pwòp je yo, yo pa ka kwè. Pyè ak Jan kouri al nan tonm nan pou yo ka konstate sa ak pwòp je pa yo, men, yo jwenn tonm nan vid ! Mesye yo vire do yo y ale, men Mari Magdalèn rete li menm. Se lè sa a li gade anndan tonm nan e li wè de zanj.

Èske w konn ki saki te pase ak kò Jezi ? Bondye te disparèt li. Bondye pa t resisite Jezi avèk menm kò li te genyen lè li te mouri a. Li te bay Jezi yon kò espirityèl tounèf ki menm jan ak kò zanj yo nan syèl la. Men, pou Jezi montre disip li yo li vivan, li ka parèt nan yon kò moun ka wè, tankou jan nou pral aprann sa la a.

Matye 27:62-66 ; 28:1-15 ; Lik 24:1-12 ; Jan 20:1-12.

Kesyon

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje