BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 91 p. 212-p. 213 par. 1
  • Jezi resisite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jezi resisite
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Bondye pa bliye Pitit Gason l lan
    Koute gran Anseyan an
  • Jezi vivan
    Liv istwa biblik mwen an
  • Tonm nan vid, Jezi vivan!
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi vivan!
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 91 p. 212-p. 213 par. 1
Medam yo ki sezi wè tonm Jezi a vid.

LESON 91

Jezi resisite

Apre lanmò Jezi, te gen yon mesye rich ki rele Jozèf ki te mande Pilat pèmisyon pou l desann kò Jezi sou poto a. Jozèf vlope kò a ak yon bon twal len ak pwodui santi bon, epi li mete l nan yon tonm tounèf. Li fè yo woule yon gwo wòch met nan bouch tonm nan. Prèt an chèf yo di Pilat: ‘Nou pè pou kèk nan disip Jezi yo pa vin pran kò l, e pou yo di li vivan ankò.’ Se sa k fè, Pilat te di yo: ‘Byen fèmen tonm nan, epi met sòlda veye l.’

Twa jou apre, byen bonè nan maten, kèk medam t al nan tonm nan, epi yo jwenn yo retire wòch la nan bouch tonm nan. Te gen yon zanj anndan tonm nan ki di medam yo: ‘Nou pa bezwen pè. Bondye leve Jezi. Al di disip li yo pou y al rankontre l Galile.’

Mari, moun Magdala a, te kouri al chèche Pyè ak Jan, li di yo: ‘Gen yon moun ki pran kò Jezi!’ Pyè ak Jan kouri al nan tonm nan. Lè yo wè tonm nan vid, yo tounen lakay yo.

Lè Mari tounen nan tonm nan, li wè de zanj anndan tonm nan, li di yo: ‘M pa konnen kote yo ale ak Seyè m nan.’ Epi, li wè yon mesye, li te panse se te mèt jaden an, se sa k fè l te di l: ‘Mesye, tanpri, di m ki kote w mete l.’ Men, mesye a di l: “Mari!” Menm kote a, Mari wè se Jezi. Li fè yon sèl rèl: “Anseyan!” Epi, li pran Jezi nan bra l. Jezi di l: ‘Al di frè m yo ou wè m.’ Menm moman an, Mari kouri al kot disip yo, e li di yo li wè Jezi.

Pita, nan menm jou a, te gen de nan disip Jezi yo ki t ap soti Jerizalèm pou y al nan yon bouk ki rele Emayis. Yon mesye te rankontre yo sou wout la, epi l mande yo de ki sa y ap pale. Yo di l: ‘Ou pa tande nouvèl la? Sa gen twa jou depi prèt an chèf yo touye Jezi. Kounye a, gen kèk medam ki di li vivan!’ Mesye a mande: ‘Èske nou pa kwè nan pwofèt yo? Yo di Kris t ap gen pou l mouri e Bondye t ap leve l.’ Li te kontinye esplike yo Ekriti yo. Lè yo rive Emayis, disip yo mande mesye a pou l vin avèk yo. Pandan yo t ap soupe, apre mesye a fin priye sou pen an, yo vin wè se te Jezi. Apre sa li disparèt.

De disip yo kouri al nan kay kote apot yo te reyini Jerizalèm nan e yo rakonte yo sa k pase a. Pandan yo nan kay la, Jezi parèt devan yo tout. Lè apot yo fèk wè Jezi, yo pa t ka kwè se te li. Lè sa a, li di: ‘Gade men m, touche m. Selon Ekriti yo, Kris la t ap gen pou l retounen viv ankò.’

“Se mwen ki chemen an, se mwen ki verite a e se mwen ki lavi a. Pèsonn pap vin jwenn Papa a si l pa pase pa mwen menm.” — Jan 14:6.

Kesyon: Ki sa k te rive lè medam yo t al nan tonm Jezi a? Ki sa k te rive sou wout Emayis la?

Matye 27:57–28:10; Mak 15:42–16:8; Lik 23:50–24:43; Jan 19:38–20:23.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje