Kantik 33 (72)
Kè kontan ak fwi sèvis Wayòm nan bay
1. Nan sèvis Bondye nou an, Jewova,
Lajwa nou jwenn nan, pa gen tankou l.
N ap preche bon nouvèl la ak tout kè n,
Pou lòt moun ki vle ka vin an foul.
Jezi Kris te ban nou yon asirans :
Lè nou bay, nou jwenn plis kè kontan.
Ki pi bon bagay nou ta kapab bay ?
Laverite pou moun ki obeyisan.
2. Menmsi pandan n ap preche kay an kay,
Yo pase n nan jwèt, yo vag sou nou,
N ap ret ak yon fèm detèminasyon,
N ap kenbe fidelite n chak jou.
E si gwo pèsekisyon ta frape n
Paske n ap defann non Jewova,
Jezi di n vole anlè ak lajwa,
Paske pwofèt tan lontan yo te jwenn sa.
3. Sèvis sakre a ranpli n ak lajwa,
N ap mache sou tras Seyè nou an,
Ann di mechan yo Bondye pral vanje,
N ap onore Jewova ki gran.
Nou pote espwa pou moun k ap jemi :
Yon monn san peche, san krim, pa lwen.
Sa ban n kè kontan ak satisfaksyon.
Lavi etènèl pral konble tout bezwen.