BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Ssb kantik 79
  • Ki jan de moun nou ta dwe ye ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan de moun nou ta dwe ye ?
  • Ann chante louwanj pou Jewova
  • Sou menm sijè a
  • Ann louwe Jewova
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Ann montre nou apresye konpasyon Bondye
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Annou vin zanmi Jewova
    Ann chante louwanj pou Jewova
  • Ann travay ansanm nan inite
    Ann chante louwanj pou Jewova
Gade plis
Ann chante louwanj pou Jewova
Ssb kantik 79

Kantik 79 (177)

Ki jan de moun nou ta dwe ye ?

(2 Pyè 3:11)

1. Annou kenbe nan lespri nou gran jou Jewova.

Ann panche kè n sou vrè Dye a ak Jezi ki Wa.

Lannuit la avanse e jou a tou pre.

Vye monn mechan Dyab la talè pral kraze.

Se pou n toujou ret veyatif, toujou lapriyè.

Nou tout bezwen pèsevere pou n ka jwenn byenfè.

Lè nou priye Bondye ak tout nanm nou, tout kè n,

L ap ban n vrè lajwa, lapè lespri, li ki Kreyatè n.

2. Lajwa, lapè nou genyen an pap janm disparèt.

Nou vin tounen yon espektak devan tout moun nèt.

Kidonk, ki jan de moun nou tout ta dwe ye ?

Konduit ki vrè, ki sen, nou dwe demontre.

Avèk konfyans, n ap fè konnen Jezi Kris vin Chèf.

Bondye pral fè syèl ki tounèf ak yon tè tounèf.

Jistis ap abite ladan yo pou toutan.

Nou dwe vin maton nan simaye nouvèl Wayòm nan.

3. N ap fè efò pou lavi nou konfòm ak Bib la,

Konsa, n ap jwenn gwo avantaj ak anpil lajwa.

Jezi te lave n pwòp sot nan tach peche,

Kouny’a lapè Bondye, nou vin posede.

Nou dwe toujou ret san defo, san tach, san repwòch.

Piske nou se Temwen Bondye, nou pa nan debòch.

Si n chèche vin zanmi l, e si n rete pwòch li,

L ap toujou ede n, l ap pran swen nou, e l ap ban n lavi.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje