BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 5
  • Ki kote Jezi fèt, e ki lè l fèt?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki kote Jezi fèt, e ki lè l fèt?
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Ki kote Jezi fèt, e ki lè l fèt?
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Gen zanj ki fè konnen Jezi fèt
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Jezi fèt nan yon pak
    Liv istwa biblik mwen an
  • Ki sa nou dwe sonje sou Jezi?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 5

Chapit 5

Ki kote Jezi fèt, e ki lè l fèt?

ANPERÈ women an, Seza Ogis, pase yon dekrè pou chak moun retounen kote l fèt la pou l al anrejistre. Se konsa Jozèf vwayaje al Betleyèm, vil kote l te fèt la.

Anpil moun rive nan vil Betleyèm pou y al anrejistre, e sèl kote Jozèf ak Mari jwenn pou yo rete se yon kote yo konn met bourik ak lòt bèt. E se la Jezi fèt. Mari vlope l ak twal, e li mete l yon kote yo konn bay bèt manje.

Se sèten se Bondye ki pouse Seza Ogis pase yon dekrè pou tout moun al anrejistre. Se grasa desizyon sa a Jezi fèt Betleyèm, kote Bib la te gentan anonse byen lontan wa Bondye te pwomèt la t ap fèt la.

Nuit sa a se te yon nuit enpòtan! Gen yon limyè ki te klere toutotou yon gwoup bèje ki t ap pase nuit lan deyò nan savann nan. Se te glwa Jewova! E gen yon zanj Jewova ki di yo: “Nou pa bezwen pè, paske m ap anonse nou bon nouvèl sou yon gwo kè kontan tout pèp la pral genyen. Paske jodi a, nan vil David la, gen yon Sovè ki fèt pou nou. Li se Kris, Seyè a. Men sa k ap ede nou rekonèt li: n ap jwenn yon tibebe ki vlope ak twal e ki kouche yon kote yo konn bay bèt manje.” Epi, menm kote a yon pakèt zanj parèt, y ap chante. Men sa yo t ap di nan chante a: “Glwa pou Bondye anwo nan syèl la, e lapè sou tè a pami moun li apwouve yo.”

Apre zanj yo kite bèje yo, bèje yo di youn lòt: “Ann al Betleyèm dwat pou nou ka wè bagay sa a ki fèt la, bagay Jewova fè n konnen an.” Yo kouri ale epi yo jwenn Jezi kote zanj lan te di y ap jwenn li an. Lè bèje yo rakonte sa zanj lan di yo, tout moun ki tande sa bèje yo di yo sezi. Tout pawòl sa yo, Mari te konsève yo nan kè l e li te ba yo anpil valè.

Jodi a, anpil moun kwè Jezi fèt 25 desanm. Men nan Betleyèm, mwa desanm se yon mwa kote lapli ap tonbe e ki fè frèt. Li pa t ap posib pou bèje yo pase nuit lan deyò ansanm ak twoupo yo nan epòk sa a nan ane a. Anplis de sa, anperè women an pa t ap mande pèp la, ki te deja anvi revòlte kont li, pou yo fè yon vwayaj nan mitan sezon fredi a pou y al anrejistre. Li klè Jezi fèt ant mwa septanm ak mwa oktòb. Lik 2:1-20; Mika 5:2.

▪ Poukisa Jozèf ak Mari vwayaje al Betleyèm?

▪ Ki bagay estrawòdinè ki rive nan nuit Jezi fèt la?

▪ Ki jan nou fè konnen Jezi pa fèt 25 desanm?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje