BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • lfb leson 70 p. 166-p. 167 par. 2
  • Gen zanj ki fè konnen Jezi fèt

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Gen zanj ki fè konnen Jezi fèt
  • Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Sou menm sijè a
  • Ki kote Jezi fèt, e ki lè l fèt?
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Jezi fèt nan yon pak
    Liv istwa biblik mwen an
  • Ki kote Jezi fèt, e ki lè l fèt?
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Ki sa nou dwe sonje sou Jezi?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
Gade plis
Leson ou kapab aprann nan Bib la
lfb leson 70 p. 166-p. 167 par. 2
Gen zanj ki te fè moun k ap gade mouton yo konnen Jezi fèt.

LESON 70

Gen zanj ki fè konnen Jezi fèt

Seza Ogis, dirijan gouvènman women an, te bay lòd pou tout Juif retounen lakay yo pou y al bay otorite yo non yo. Se sa k fè, Jozèf ak Mari te vwayaje al Betleyèm, nan peyi fanmi Jozèf yo. Lè a te prèske rive pou Mari fè pitit la.

Lè yo rive Betleyèm, sèl kote yo te jwenn pou yo rete se yon kote yo te konn met bèt. Se la Mari te fè Jezi, pitit gason l lan. Li te vlope l nan twal ki fen, epi li depoze l tou dousman kote yo konn bay bèt manje a.

Te gen kèk moun ki t ap gade mouton toupre Betleyèm ki t ap pase nuit yo deyò pou yo veye mouton yo. Bridsoukou, gen yon zanj ki vin kanpe devan yo e glwa Jewova te antoure yo tankou yon gwo limyè. Moun ki t ap gade mouton yo te pè anpil, men, zanj lan di yo: ‘Nou pa bezwen pè. Mwen gen yon bon nouvèl pou nou. Mesi a fèt jodi a nan Betleyèm.’ Menm kote a, yon pakèt zanj parèt nan syèl la, yo di: ‘Glwa pou Bondye nan syèl la, e lapè pou moun sou tè a.’ Epi, zanj yo disparèt. Ki sa moun ki t ap gade mouton yo te fè?

Moun ki t ap gade mouton yo te di youn lòt: ‘Ann al Betleyèm kounye a.’ Yo kouri ale byen vit, epi yo jwenn Jozèf ak Mari kote yo te konn met bèt yo e tibebe yo a te fèk fèt.

Tout moun ki te tande sa zanj lan te di moun ki t ap gade mouton yo te sezi. Mari te reflechi anpil sou pawòl zanj lan te di l yo e l pa t janm bliye yo. Moun ki t ap gade mouton yo te tounen al jwenn mouton yo, yo te di Jewova mèsi pou tout sa yo te wè ak tout sa yo te tande.

“Se Bondye ki voye m e ki fè m la a. Epitou, se pa mwen menm poukont mwen ki te deside vini, men se Sila a ki voye m nan ki te deside sa.” — Jan 8:42.

Kesyon: Ki jan zanj yo te fè moun ki t ap gade mouton yo konnen Jezi te fèt? Kiyès moun ki t ap gade mouton yo te jwenn Betleyèm?

Lik 2:1-20; Ezayi 9:6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje