BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • gt chap. 7
  • Astwològ yo vin vizite Jezi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Astwològ yo vin vizite Jezi
  • Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Sou menm sijè a
  • Astwològ yo vin vizite Jezi
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Kiyès “twa nèg save yo” te ye? Èske yo te suiv yon “etwal” pou yo rive Betleyèm?
    Repons Bib la bay
  • Kiyès ki te voye swadizan zetwal la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Yo suiv yon etwal
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
gt chap. 7

Chapit 7

Astwològ yo vin vizite Jezi

GEN yon seri mesye ki sot nan Lès. Yo se astwològ, sa vle di moun ki fè konnen yo konn entèprete pozisyon zetwal yo. Pandan yo lakay yo nan Lès, yo wè yon zetwal yo pa t janm wè anvan, e yo fè plizyè santèn kilomèt ap suiv li jis yo rive Jerizalèm.

Lè astwològ yo rive Jerizalèm, yo mande: “Kote wa Juif yo ki fèk fèt la? Paske, nou te wè zetwal li lè nou te nan Lès, e nou vini pou nou rann li omaj.”

Lè wa Ewòd tande sa nan Jerizalèm, sa boulvèse l anpil. Se sa k fè li rele prèt an chèf yo, e li kòmanse poze yo kesyon pou l konnen ki kote Kris la gen pou l fèt. Prèt an chèf yo baze repons yo bay wa Ewòd la sou sa Ekriti sakre yo di sou kesyon an. Yo di l: “Betleyèm.” Lè sa a, Ewòd fè astwològ yo vin jwenn li e li di yo: “Al chèche timoun nan byen chèche, e lè nou jwenn li, vin fè m konnen, dekwa pou m ka al rann li omaj tou.” Men, anfèt, Ewòd vle jwenn timoun nan pou l touye l!

Lè yo fin ale, gen yon bagay estrawòdinè ki rive. Zetwal yo te wè lè yo te nan Lès la t ap avanse devan yo. Li klè, se pa yon zetwal menm jan ak lòt yo, men se yon zetwal ki la espesyalman pou gide yo. Astwològ yo kontinye suiv zetwal la jiskaske li rive egzakteman anlè kay kote Jozèf ak Mari ye a.

Lè astwològ yo antre nan kay la, yo jwenn Mari avèk tipitit li a, Jezi. Lè sa a, yo tout pwostène devan tipitit la. Ansuit, yo rale kado yo pote nan sak yo, se lò, lansan ak lami. Apre sa, lè moman an rive pou yo tounen al di Ewòd ki kote pitit la ye, Bondye avèti yo nan yon rèv pou yo pa tounen kot Ewòd. Konsa, yo pase nan yon lòt wout pou yo tounen nan peyi yo.

Kiyès ou panse ki te fè zetwal la parèt pou gide astwològ yo? Sonje, zetwal la pa t gide yo dirèkteman kot Jezi te ye Betleyèm nan. Okontrè, li te kondui yo Jerizalèm kote yo te rankontre wa Ewòd ki te vle touye Jezi. E wa Ewòd t ap fè sa vre si Bondye pa t gentan avèti astwològ yo pou yo pa di l ki kote Jezi ye. Se ènmi Bondye a, Satan Ledyab, ki te vle fè touye Jezi, e se li ki te itilize yon zetwal pou l eseye fè plan l lan mache. Matye 2:1-12; Mika 5:2.

▪ Ki sa k montre zetwal astwològ yo te wè a pa t yon zetwal menm jan ak lòt yo?

▪ Ki kote Jezi ye lè astwològ yo jwenn li?

▪ Sa k fè nou konnen se Satan ki te fè zetwal la parèt pou gide astwològ yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje