BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • jy chap. 7 p. 22-p. 23 par. 6
  • Astwològ yo vin vizite Jezi

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Astwològ yo vin vizite Jezi
  • Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Sou menm sijè a
  • Astwològ yo vin vizite Jezi
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Kiyès “twa nèg save yo” te ye? Èske yo te suiv yon “etwal” pou yo rive Betleyèm?
    Repons Bib la bay
  • Kiyès ki te voye swadizan zetwal la?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
  • Yo suiv yon etwal
    Liv istwa biblik mwen an
Gade plis
Jezi se chemen an, verite a, lavi a
jy chap. 7 p. 22-p. 23 par. 6
Astwològ yo te suiv yon zetwal ki te mennen yo nan kay kote Jozèf, Mari ak Jezi te ye a.

CHAPIT 7

Astwològ yo vin vizite Jezi

MATYE 2:1-12

  • ASTWOLÒG YO SUIV YON “ZETWAL” JIS YO RIVE JERIZALÈM AK KOTE JEZI TE YE A

Gen yon seri mesye ki sot nan Lès. Yo se astwològ, sa vle di moun ki fè konnen yo konn entèprete pozisyon zetwal yo, konsa yo kapab rive esplike sa kèk evènman ki pase nan lavi moun vle di (Ezayi 47:13). Pandan yo lakay yo nan Lès, yo wè yon swadizan zetwal e yo fè plizyè santèn kilomèt ap suiv li. “Zetwal” la pa mennen yo Betleyèm, men li mennen yo Jerizalèm pito.

Lè astwològ yo rive, yo mande: “Kote timoun ki fèt ki pral wa Juif yo? Paske, nou te wè zetwal li lè nou te nan Lès, e nou vini pou nou pwostène devan l.” — Matye 2:1, 2.

Astwològ yo pwostène devan wa Ewòd.

Lè Ewòd, wa Jerizalèm nan, tande sa sa boulvèse l anpil. Se sa k fè li rele prèt an chèf yo ak lòt chèf relijye juif yo, e li kòmanse poze yo kesyon pou l konnen ki kote Kris la gen pou l fèt. Repons yo bay la baze sou sa Ekriti yo di sou kesyon an. Yo di l: “Betleyèm.” ​(Matye 2:5; Miche 5:2). Lè sa a, Ewòd fè astwològ yo vin jwenn li an kachèt epi li di yo: “Al chèche timoun nan byen chèche, e lè nou jwenn li, vin fè m konnen, dekwa pou m ka al pwostène devan l tou.” ​(Matye 2:8). Men, an reyalite, Ewòd vle jwenn timoun nan pou l touye l!

Lè astwològ yo fin ale, gen yon bagay estrawòdinè ki rive. “Zetwal” yo te wè lè yo te nan Lès la t ap avanse devan yo. Li klè, se pa yon zetwal menm jan ak lòt yo, men se yon zetwal ki la espesyalman pou gide yo. Astwològ yo kontinye suiv zetwal la jiskaske li rive egzakteman anlè kay kote Jozèf ak Mari ap viv ak tipitit gason yo a.

Astwològ ki te suiv zetwal ki mennen yo Betleyèm nan te bay Mari ak Jezi kado.

Lè astwològ yo antre nan kay la, yo jwenn Mari avèk yon tipitit, anpalan de Jezi. Lè sa a, astwològ yo pwostène devan tipitit la. Ansuit, yo ba l lò, lansan ak lami kòm kado. Apre sa, lè moman an rive pou yo tounen kot Ewòd, Bondye avèti yo nan yon rèv pou yo pa retounen. Konsa, yo pase nan yon lòt wout pou yo tounen nan peyi yo.

Kiyès ou panse ki te fè “zetwal” la parèt pou gide astwològ yo? Sonje, zetwal la pa t gide yo dirèkteman kot Jezi te ye Betleyèm nan. Okontrè, li te mennen yo Jerizalèm kote yo te rankontre wa Ewòd ki te vle touye Jezi. E wa Ewòd t ap fè sa vre si Bondye pa t gentan avèti astwològ yo pou yo pa di Ewòd ki kote Jezi ye. Li klè, se ènmi Bondye a, Satan, ki te vle fè touye Jezi, e se li ki te itilize mwayen sa a pou l eseye fè plan l lan mache.

  • Ki sa k montre “zetwal” astwològ yo te wè a pa t yon zetwal menm jan ak lòt yo?

  • Ki kote Jezi ye lè astwològ yo jwenn li?

  • Sa k fè nou ka di se Satan ki te gide astwològ yo?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje