BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 6 p. 101-p. 104 par. 4
  • Mete aksan kote w dwe mete l

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mete aksan kote w dwe mete l
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Mete aksan sou mo kle ki nan vèsè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Ki jan m ka rive fè fas ak strès nan lekòl?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ki sa w ka fè lè w anba strès?
    Reveye n! — 2020
  • Mete aksan sou ide prensipal yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 6 p. 101-p. 104 par. 4

LESON 6

Mete aksan kote w dwe mete l

Ki sa pou w fè?

Mete aksan sou mo ak gwoup mo ki enpòtan yo yon fason pou moun k ap koute w yo ka konprann ide yo byen fasil.

POUKISA SA ENPÒTAN?

Lè yon oratè mete aksan kote l dwe mete l, sa ede l kapte atansyon moun yo, sa ede l konvenk yo e sa ede l pouse yo aji.

LÈ W AP pale oswa lè w ap li awotvwa, li enpòtan nonsèlman pou w byen di mo yo, men tou, pou w mete aksan sou mo kle yo e sou gwoup mo ki bay ide prensipal yo yon fason k ap pèmèt moun yo konprann ide yo byen klè.

Pou w mete aksan kote w dwe mete l la, fò w pa annik mete aksan sou kèk mo oswa sou yon bann mo. Ou dwe mete aksan sou mo ki mande sa. Si w mete aksan sou mo ki pa mande sa, sa w ap di yo ka pa klè pou moun k ap koute w yo, e konsa, yo ka kite lespri yo al konsantre sou lòt bagay. Menmsi enfòmasyon ki nan diskou w la ka enteresan, si w pa byen mete aksan yo kote w dwe mete yo, diskou a pap tèlman pouse moun k ap koute w yo aji.

Gen plizyè fason w ka mete aksan sou yon mo oswa sou yon gwoup mo. Souvan, ou ka itilize plizyè metòd ansanm. Ou ka monte volim vwa w, ou ka mete plis santiman nan sa w ap di a, ou ka di l pi dousman, pi poze, ou ka fè yon poz anvan oswa apre yon deklarasyon (oswa w ka fè l ni anvan ni apre), ou ka fè jès e ou ka demontre santiman sou vizaj ou. Nan kèk lang, yon moun ka mete aksan sou yon mo tou lè li bese ton vwa l oswa lè l monte l. Selon enfòmasyon w ap pale sou li a e selon chak sitiyasyon, w ap konnen sa k ap pi apwopriye pou w fè.

Lè w ap deside ki mo pou w mete aksan sou li, reflechi sou pwen ki vin apre yo. 1) Pou w konnen sou ki mo pou w mete aksan nan yon fraz, se pa sèlman lòt mo nan fraz la k ap ede w, men tou, se kontèks la, sa vle di fraz ak paragraf ki vin anvan oswa apre yo. 2) Ou ka mete aksan sou kèk mo ak kèk ekspresyon ki nan yon fraz pou w montre w ap kòmanse yon nouvo ide, kit ide sa a se yon pwen prensipal, kit se senpleman yon lòt aspè nan rezònman w ap fè a. Ou ka fè sa tou pou w montre ou prèske fini rezònman w ap fè a. 3) Yon oratè ka mete aksan sou mo ak ekspresyon ki apwopriye nan yon sijè pou l montre santiman l genyen anrapò ak sijè a. 4) Li ka mete aksan kote sa nesesè tou pou l atire atansyon moun k ap koute l yo sou pwen prensipal ki gen nan diskou l ap fè a, pou yo ka parèt klè pou yo.

Pou yon oratè oswa yon moun k ap fè yon lekti pou lòt moun ka mete aksan sou kèk mo oswa sou kèk gwoup mo fason sa yo, li dwe byen konprann enfòmasyon li pral bay yo e li dwe gen dezi pou li ede moun k ap koute l yo konprann yo. Anrapò ak enstriksyon yo te bay nan epòk Ezra a, men sa Neyemya 8:8 di: “Yo te kontinye ap li nan liv la byen fò, nan lalwa vrè Dye a, yo te esplike l, e yo te bay siyifikasyon l, e yo te kontinye fè moun konprann sa yo t ap li a.” Pa gen dout nan sa, moun sa yo ki te li e ki te esplike Lalwa Bondye a nan okazyon sa a te konprann li enpòtan pou yo ede moun ki t ap koute yo pou yo konprann sans sa yo te li a, pou yo sonje l e pou yo aplike l.

Kote pwoblèm nan ka soti. Pifò moun gen kapasite pou yo pale klè nan konvèsasyon nòmal y ap fè chak jou. Men, lè se li y ap li sa yon lòt moun ekri, li ka difisil pou yo deside ki mo oswa ki gwoup mo pou yo mete aksan sou yo. Solisyon an se chèche byen konprann enfòmasyon yo pral li a. Sa mande pou yo byen egzamine sa k te ekri a. Se sa k fè, si yo mande w pou w li nan yon reyinyon kongregasyon an, ou ta dwe fè bonjan preparasyon pou sa.

Gen kèk moun ki annik mete aksan sou yon seri mo ak ekspresyon tanzantan yon fason regilye, kit aksan an gen yon sans, kit li pa gen yon sans. Gen kèk lòt moun ki mete aksan sou prepozisyon yo ak konjonksyon yo yon fason egzajere. Lè nou mete aksan sou mo yo yon fason ki pa rann ide yo klè, li fasil pou sa vin tounen yon move abitid, e sa ka detounen atansyon moun.

Nan efò kèk oratè ap fè pou yo mete aksan kote aksan an gen yon sans, yo konn monte vwa yo tèlman wo moun k ap koute yo ka konprann se reprimande y ap reprimande yo. Natirèlman, li difisil pou sa bay bon rezilta. Si fason oratè a mete aksan an pa natirèl, moun k ap koute yo ka gen enpresyon oratè a pran tèt li pou yon pakèt afè. Li pi bon lontan pou w senpleman pale avèk moun yo avèk amou e pou w ede yo wè sa w ap di yo soti nan Bib la e yo rezonab!

Sa pou w fè pou w amelyore. Souvan, yon moun ki gen pwoblèm nan kesyon mete aksan kote li dwe mete l ka pa konnen si l gen pwoblèm sa a. Li ka nesesè pou yon lòt moun atire atansyon l sou sa. Si w bezwen amelyore w nan domèn sa a, siveyan lekòl la ap ede w. Anplis, pa ezite mande nenpòt moun ki se yon bon oratè èd li. Mande l pou l byen koute fason w li ak fason w pale epi pou l ba w konsèy pou w ka amelyore.

Pou kòmanse, moun k ap ba w konsèy la ka ankouraje w sèvi ak yon atik nan yon Toudegad pou w fè pratik. Sandout, l ap mande w pou w egzamine chak fraz pou w wè ki mo oswa ki gwoup mo ou bezwen mete aksan sou yo pou w ka fè sans fraz la fasil pou moun konprann. Li ka fè w sonje ou bezwen bay yon seri mo ki ann italik oswa ki an lèt fonse yon atansyon espesyal. Ou dwe sonje mo ki nan yon fraz mache ansanm. Souvan, ou ta dwe mete aksan sou yon gwoup mo, ou pa ta dwe mete l sèlman sou yon grenn mo poukont li. Nan kèk lang kote yo mete yon aksan sou kèk lèt oswa yo mete kèk ti siy anba kèk lèt, yo ka ankouraje moun k ap etidye lang sa yo pou yo ba yo anpil atansyon, paske lèt sa yo montre ki kote pou yo mete aksan an.

Ansuit, pandan w ap kontinye aprann sou ki sa pou w mete aksan, moun k ap ba w konsèy la ka mande w pou w pa rete nan fraz la sèlman, men, pou w egzamine pati ki anvan oswa pati ki apre fraz la. Ki ide kle yo devlope nan paragraf la? Ki jan sa ta dwe gen enfliyans sou mo ak gwoup mo w ap mete aksan sou yo nan chak fraz? Gade tit atik w ap egzamine a ak soutit ki gen pòsyon ou pral li a. Ki enfliyans sa genyen sou gwoup mo w ap chwazi pou w mete aksan sou yo? Tout bagay sa yo se pwen pou w aplike. Men, veye pou w pa mete aksan sou twòp mo.

Kit ou pral pran lapawòl san w pa t atann, kit se li w pral li, moun k ap ba w konsèy la ka ankouraje w tou pou w kite rezònman k ap fèt la enfliyanse fason w ap mete aksan sou mo yo. Ou bezwen konnen ki kote yon rezònman fini oswa ki kote nan sijè a yo soti nan yon ide pou y al nan yon lòt ide. Moun k ap koute w yo ap kontan si nan fason w fè diskou a, ou ede yo wè kote ki gen chanjman sa yo. Ou ka fè sa lè w mete aksan sou yon seri mo tankou toudabò, ansuit, finalman ak kidonk.

Anplis, moun k ap ba w konsèy la ap dirije atansyon w sou ide w ap bezwen mete plis santiman lè w ap di yo. Pa egzanp, ou ka mete aksan sou mo oswa ekspresyon tankou anpil, vrèman, nan okenn fason, nou pa ka panse sa, enpòtan ak toujou. Lè w fè sa, sa ka gen yon efè sou fason moun k ap koute w yo ap konprann sa w ap di yo. N ap pale plis sou sa nan leson 11 lan ki gen tit: “Pale ak tout kè w e avèk santiman.”

Pou w amelyore fason w mete aksan sou mo ki enpòtan yo, nou ankouraje w tou pou w gen pwen prensipal ou vle moun k ap koute w yo sonje yo byen klè nan tèt ou. N ap egzamine pwen sa a plis toujou nan leson 7 la ki gen tit: “Mete aksan sou ide prensipal yo” ak nan leson 37 la ki gen tit: “Fè pwen prensipal yo parèt byen klè.”

Si w ap chèche fè pwogrè nan travay predikasyon an, veye espesyalman sou fason w li vèsè yo. Lè w ap li yon vèsè, pran abitid mande tèt ou: ‘Poukisa m ap li vèsè sa a?’ An jeneral, yon anseyan pap annik kontante l byen li mo ki nan yon vèsè. E menmsi l li vèsè a avèk santiman, sa gendwa pa sifi. Si w ap reponn kesyon yon moun poze w oswa w ap anseye yon verite fondamantal, li bon pou w mete aksan sou mo oswa sou ekspresyon nan vèsè a ki soutni ide w ap egzamine a. Si w pa fè sa, moun w ap li pou li a ka pa konprann pwen w vle fè l konprann nan.

Yon oratè ki pa gen eksperyans ka gen tandans mete twòp aksan sou yon seri mo ak gwoup mo li wè ki enpòtan. Fason l ap fè sa ap yon ti jan sanble ak fason yon moun ki fèk ap aprann jwe yon enstriman mizik ap jwe. Men, tank l ap fè pratik, chak “nòt” li jwe yo pral vin fè pati yon “mizik” ki bèl e ki vrèman touche moun k ap koute li yo.

Apre w fin aprann kèk nan pwen fondamantal sa yo, w ap kapab byen pwofite egzanp oratè ki gen eksperyans yo lè w suiv jan yo fè. Ou pap pran lontan pou w wè tout sa yon oratè ka rive fè lè l itilize divès fason pou l mete aksan l ap mete yo. E w ap konprann tout enpòtans sa genyen pou yon moun mete aksan sou yon seri mo ak gwoup mo divès fason pou l fè moun byen konprann sans sa l ap di yo. Si w aprann mete aksan kote w dwe mete l, sa ap vrèman ede w ogmante kapasite w genyen pou w li byen e pou w pale byen.

Pa annik aprann kèk ti bagay ou bezwen pou w mete aksan sou mo ak ekspresyon ki mande sa. Pou w ka pale byen, kontinye travay sou teknik sa a, anpalan de mete aksan kote w dwe mete l la, jiskaske w vin mèt ladan l e jiskaske w ka itilize l yon fason ki parèt natirèl.

SA POU W FÈ

  • Aprann idantifye mo kle ak gwoup mo kle ki nan fraz yo. Byen veye pou w fè sa selon kontèks la.

  • Chèche mete aksan sou mo ak gwoup mo yo pou w montre 1) w ap sot nan yon ide pou w al nan yon lòt ide e 2) fason w santi w anrapò ak sa w ap di a.

  • Lè w ap li yon vèsè, pran abitid mete aksan sou mo ki gen rapò dirèkteman ak rezon ki fè ou te site vèsè sa a.

EGZÈSIS: 1) Chwazi de vèsè ou konn itilize souvan nan predikasyon. Chèche wè ki sa w vle montre moun yo nan chak vèsè sa yo. Li vèsè yo awotvwa pou w mete aksan sou mo oswa sou gwoup mo ki soutni pwen ou konn vle montre yo. 2) Egzamine Ebre 1:1-14. Poukisa w dwe mete aksan espesyalman sou mo “pwofèt” ​(vèsè 1), “Pitit” ​(vèsè 2) ak “zanj” ​(vèsè 4, 5) yon fason pou w ka byen montre rezònman y ap fè nan chapit sa a? Li chapit sa a awotvwa toutpandan w ap mete aksan sou mo ki apwopriye yo yon fason pou w byen montre rezònman y ap fè a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje