LESON 7
Mete aksan sou ide prensipal yo
YON bon lektè gade pi lwen pase fraz l ap li a, li menm gade pi lwen pase paragraf kote fraz la ye a. Lè l ap li, li gen ide prensipal ki nan tout tèks l ap li a nan lespri l. Sa gen yon enfliyans sou kote l ap mete aksan yo.
Si yon moun pa suiv metòd sa a, li pap grave okenn pwen nan lespri moun k ap koute l yo. Pa gen okenn pwen enpòtan k ap parèt klè nan sa l ap di a. Apre l fin pale, li ka difisil pou yon moun sonje yon pwen kle nan sa l sot di a.
Souvan, lè yon moun byen veye pou l mete aksan sou ide prensipal yo, sa ka fè l rive li yon istwa nan Bib la pi byen. Si l mete aksan sa yo lè l ap fè lekti nan yon etid biblik oswa nan yon reyinyon kongregasyon an, sa ka fè lekti a gen plis sans. Li sitou enpòtan pou yon frè fè sa lè l ap fè yon diskou maniskri, diskou yo konn bay pafwa nan kongrè distri yo.
Fason pou w fè sa. Ann sipoze nan lekòl la, yo ba w li yon pati nan Bib la. Ki kote w ap mete aksan? Si gen kèk ide kle oswa kèk evènman enpòtan yo rapòte nan pati ou pral li a, li ta apwopriye pou w fè yo parèt byen klè.
Kit pati w gen pou w li a ekri nan yon stil pwezi oswa nan yon stil nòmal, kit se pwovèb oswa se istwa yo rakonte, moun k ap koute w yo ap byen pwofite l si w li l byen (2 Tim. 3:16, 17). Pou w fè sa, ou dwe reflechi ni sou pasaj ou pral li a, ni sou gwoup moun ki pral koute w yo.
Si w pral li yon pati nan yon piblikasyon nan yon etid biblik oswa nan yon reyinyon kongregasyon an awotvwa, sou ki ide prensipal ou bezwen mete aksan? Konsidere repons kesyon yo poze nan liv la oswa nan peryodik la kòm ide prensipal. Mete aksan tou sou ide nan paragraf w ap li yo ki gen rapò ak soutit kote yo ye a.
Li pa bon pou w pran abitid ekri yon diskou nèt pou w prezante l devan kongregasyon an. Men, pafwa, nan kongrè distri yo, yo konn bay kèk frè yon seri diskou maniskri pou yo fè, yon fason pou yo ka prezante ide yo menm jan nan tout kongrè yo. Pou yon oratè mete aksan sou ide prensipal ki nan yon diskou konsa, li dwe byen egzamine sijè a anvan. Ki pwen prensipal ki gen ladan l? Li ta dwe ka idantifye pwen sa yo. Pwen prensipal yo se pa senpleman ide li santi ki enteresan. Men, se ide santral ki sèvi kòm baz pou devlope sijè a. Pafwa, yon deklarasyon kout sou yon ide prensipal nan yon diskou maniskri konn sèvi pou entwodui yon istwa oswa yon rezònman. Pi souvan, yo konn fè yon deklarasyon avèk fòs apre yo fin bay prèv ki kore sa yo di a. Lè oratè a fin idantifye pwen enpòtan sa yo, li ta dwe souliye yo. An jeneral, yo pa anpil, se kapab kat oswa senk pwen pou pi plis. Ansuit, li bezwen aprann li yo yon fason pou moun ki pral koute l yo kapab idantifye yo san pwoblèm. Se yo ki poto mitan diskou a. Si lè l ap bay diskou a, li mete aksan yo kote l dwe mete yo, l ap pi fasil pou moun yo sonje ide prensipal sa yo. Se sa ki ta dwe objektif oratè a.
Gen plizyè fason yon oratè ka mete aksan sou pwen prensipal yo pou l fè moun k ap koute l yo idantifye pwen sa yo. Men kèk ladan yo: Li ka mete plis fòs sou ide sa yo, li ka chanje vitès li pale lè l ap di yo, li ka di yo avèk plis santiman oswa li ka fè jès ki apwopriye lè l ap di yo.