BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be p. 47-p. 51
  • Fason pou w prepare diskou ki pou frè ak sè yo

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou w prepare diskou ki pou frè ak sè yo
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Pwen enteresan nan lekti Labib
  • Diskou ki baze sou piblikasyon nou yo
  • Reyinyon sèvis
  • Asanble ak kongrè
  • Pa di w a gen tan
  • Fason pou w prepare patisipasyon yo ba w fè nan lekòl la
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Itilize referans yo ba w yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fason pou w fè yon plan pou yon diskou
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fason pou w prepare yon diskou piblik
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be p. 47-p. 51

Fason pou w prepare diskou ki pou frè ak sè yo

YO PREPARE pwogram Lekòl ministè teyokratik la pou byen tout kongregasyon an. Yo bay ansèyman ki gen anpil valè tou nan lòt reyinyon kongregasyon an, nan asanble yo ak nan kongrè yo. Lè yo ba w yon patisipasyon nan youn nan okazyon sa yo, se yon gwo responsablite ou genyen. Apot Pòl te ankouraje Timote, yon siveyan nan kongregasyon kretyen an, pou l toujou veye sou ansèyman l ap bay (1 Tim. 4:16). Moun ki vin nan reyinyon yo pran yon tan ki gen anpil valè pou yo vin asiste reyinyon yo nan objektif pou yo ka jwenn enstriksyon anrapò ak bagay ki konsène relasyon yo ak Bondye, e gen ladan yo ki fè anpil efò pou sa. Annefè, se yon gwo privilèj ou genyen pou w patisipe nan bay enstriksyon nan reyinyon sa yo! Ki jan w ka fè pou w byen ranpli responsablite sa a?

Pwen enteresan nan lekti Labib

Pati sa a ki nan lekòl la baze sou lekti Labib ki pwograme pou semèn nan. Frè k ap fè patisipasyon sa a dwe mete aksan sou fason enfòmasyon yo konsène nou jodi a. Selon Neyemya 8:8, Ezra, ki te yon prèt, ansanm ak Levit yo te li kèk pòsyon nan Pawòl Bondye a an piblik, yo te esplike moun yo pòsyon sa yo, ‘yo te ba yo siyifikasyon yo’ e yo te ede yo konprann yo. Ou gen posiblite fè sa tou lè w ap fè pwen enteresan nan lekti Labib.

Ki jan w ta dwe prepare yon patisipasyon konsa? Si sa posib, li pòsyon yo mande w li nan Bib la yon semèn oswa plizyè semèn alavans. Ansuit, panse ak kongregasyon an e ak bezwen kongregasyon an genyen. Priye sou sa. Ki konsèy, ki egzanp, ki prensip ou jwenn nan pòsyon sa a nan Pawòl Bondye a ki ka satisfè bezwen sa yo?

Li trèzenpòtan pou w fè rechèch. Èske Watchtower Library sou CD-ROM oswa Index des publications Watch Tower disponib nan yon lang ou konprann? Si se sa, itilize yo. Lè w chèche enfòmasyon yo te pibliye sou vèsè ou chwazi egzamine yo, ou ka jwenn enfòmasyon k ap ede w konprann nan ki kontèks yo te ekri yo, ou ka jwenn esplikasyon sou akonplisman pwofesi yo, ou ka jwenn rezònman yo fè sou yon seri vèsè ki pale sou Jewova, oswa sou fason yo egzamine kèk prensip. Pa chèche pale sou twòp pwen. Konsantre w sèlman sou kèk vèsè w chwazi, paske li pi bon pou w pale sou kèk vèsè, e pou w fè sa byen.

Nan patisipasyon w lan, yo ka mande w tou pou w envite moun ki nan asistans lan fè kòmantè sou sa yo te jwenn nan lekti Labib ki pwograme pou semèn nan. Ki sa yo te jwenn k ap ede yo nan etid pèsonèl yo ak nan etid familyal yo oswa nan travay predikasyon an oubyen nan lavi yo? Ki kalite Jewova ki parèt aklè nan fason li te boule ak yon seri moun e nan fason li te boule ak kèk nasyon? Ki sa moun yo te aprann ki fòtifye lafwa yo e ki fè yo gen plis rekonesans pou Jewova? Pa rete sou pwen ki konplike e ki mande pou w bay anpil detay sou yo, mete aksan sou siyifikasyon pwen w chwazi yo e sou fason y ap itil moun yo.

Diskou ki baze sou piblikasyon nou yo

Diskou sa yo konn soti nan yon atik Toudegad oswa Réveillez-vous! oswa petèt nan yon pati nan yon liv. Nan pifò ka, gen plis enfòmasyon pase kantite enfòmasyon ou ka devlope nan tan yo ba ou a. Ki jan w ta dwe fè diskou sa yo? Antanke yon anseyan, ou pa dwe annik chèche pale sou tout enfòmasyon ki nan atik la oswa nan pati ki nan liv la. Yon anseyan dwe yon moun ki “gen kapasite pou l anseye” lòt moun. — 1 Tim. 3:2.

Lè w ap prepare yon diskou konsa, premye sa pou w fè se egzamine pòsyon yo ba w pou w fè diskou sou li a. Apre sa, li vèsè yo e medite sou yo. Fè efò pou w fè sa byen lontan anvan dat ou gen pou w prezante diskou a. Sonje yo ankouraje frè yo pou yo menm tou yo gentan li pòsyon diskou w la baze sou li a. Se sa k fè, ou pa ta dwe annik kontante w egzamine pòsyon diskou w la baze sou li a, ni ou pa ta dwe annik fè yon rezime sou pòsyon sa a. Men, ou ta dwe montre moun yo fason pou yo aplike yo. Sèvi ak pati nan pòsyon yo ba w pou w fè diskou a yon fason k ap vrèman pwofitab pou kongregasyon an.

Menm jan chak timoun gen pèsonalite pa l, se konsa tou chak kongregasyon gen karakteristik pa l. Yon paran ki konn anseye byen pap annik plede pale sou prensip moral ki egziste yo ak pitit li. L ap rezone ak timoun nan sou yo. L ap reflechi sou pèsonalite timoun nan e sou pwoblèm timoun nan rankontre. Nan menm sans lan, anseyan ki nan kongregasyon an fè efò pou yo konprann bezwen moun y ap pale avèk yo e yo fè efò pou yo satisfè bezwen sa yo. Men, yon anseyan ki gen disènman pap sèvi ak egzanp ki ka jennen kèk moun ki nan asistans lan. L ap montre frè ak sè yo ki byenfè yo deja jwenn lefètke y ap mache nan chemen Jewova yo e l ap mete aksan sou konsèy Bib la bay k ap ede yo byen fè fas ak pwoblèm y ap rankontre.

Lè w bay yon bon ansèyman, sa touche kè moun k ap koute w yo. Pou w fè sa, ou pa dwe annik bay moun yo enfòmasyon, men, ou dwe ede yo konprann tout enpòtans enfòmasyon sa yo genyen tou. Sa mande pou w enterese nan moun w ap anseye yo anpil. Bèje ki nan kongregasyon an ta dwe konnen mouton yo. Si yo reflechi sou pwoblèm anpil ladan yo ap rankontre, e yo fè sa avèk amou, y ap anmezi pou yo pale yon fason k ap ankouraje yo, k ap montre yo konprann yo, k ap montre yo gen konpasyon pou yo e k ap montre yo mete yo nan plas yo.

Yon bagay tout bon anseyan konnen, sèke yon diskou dwe gen yon objektif ki klè e ki presi. Yo dwe prezante enfòmasyon yo yon fason pou pwen kle yo parèt byen klè e pou moun yo sonje pwen sa yo. Moun ki nan asistans lan dwe kapab sonje ide ki gen rapò ak lavi yo e k ap itil yo.

Reyinyon sèvis

Lè yo ba w fè yon diskou ki baze sou yon atik nan Ministè Wayòm nan, w ap gen yon lòt kalite pwoblèm pou w rezoud. Souvan, nan yon patisipasyon konsa, yo mande w pou w fè moun k ap koute w yo pwofite tout enfòmasyon ki gen nan atik la, donk lè sa a, ou pa gen pou w chwazi sa ki pi apwopriye. Ede moun yo rezone sou vèsè biblik yo, piske se yo ki baz kèlkeswa konsèy w ap ba yo (Tit 1:9). Piske ou pa gen anpil tan, souvan ou pap gen posiblite pou w bay lòt enfòmasyon.

Yon lòt bò, yo ka ba w fè yon diskou ki pa chita sou okenn atik ki nan Ministè Wayòm nan. Lè sa a, yo ka ba w yon atik Toudegad kòm referans oswa yo ka ba w kèk pwen pou w devlope. Antanke anseyan, se ou menm ki pou wè ki bezwen kongregasyon an genyen ki gen rapò ak sijè yo ba w fè a. Petèt ou ka bezwen sèvi ak yon egzanp ki kout e ki klè oswa ou ka rakonte yon eksperyans ki apwopriye. Ou dwe sonje nan patisipasyon w lan, ou pap annik pale sou sijè w genyen an, men w ap prezante l yon fason k ap ede kongregasyon an fè travay Pawòl Bondye a ba l fè a e k ap ede l gen kè kontan nan travay sa a. — Tra. 20:20, 21.

Lè w ap prepare diskou w la, reflechi sou sitiyasyon moun ki nan kongregasyon an. Felisite yo pou sa yo fè deja. Lè yo aplike konsèy ki parèt nan pòsyon ki sèvi kòm baz pou diskou yo ba w fè a, ki jan sa ap fè yo fè travay predikasyon an pi byen e ki jan sa ap fè yo jwenn plis kè kontan ladan l?

Èske ap gen yon demonstrasyon oswa yon entèvyou nan patisipasyon w ap fè a? Si ap genyen, ou ta dwe planifye yo lontan alavans. Ou gendwa anvi mande yon lòt moun pou l prepare demonstrasyon an oswa entèvyou a pou ou, men sa pa toujou bay bon rezilta. Fè tout sa w kapab pou w repete demonstrasyon an oswa entèvyou a anvan jou reyinyon an. Veye pou w okipe w de aspè sa a ki nan patisipasyon w lan yon fason k ap fè enstriksyon w ap bay la vrèman enteresan.

Asanble ak kongrè

Rive yon lè, yo ka bay frè ki vin gen bèl kalite ki soti nan Bondye e ki vin bon oratè ak bon anseyan yo patisipe nan yon pwogram asanble oswa nan yon pwogram kongrè. Pwogram sa yo se okazyon ki vrèman espesyal Bondye itilize pou l anseye nou. Patisipasyon sa a ka yon diskou yon frè ap fè apati yon maniskri, sou baz yon plan, sou kèk enstriksyon pou yon dram biblik ki gen aplikasyon pou epòk nou an, oswa sou kèk lòt enstriksyon yo ba li. Si w gen privilèj pou w patisipe nan yon pwogram konsa, byen egzamine sa yo ba w pou w fè diskou a. Analize l jiskaske w konprann enpòtans li.

Moun yo bay fè yon diskou apati yon maniskri dwe li l motamo. Yo pa reyekri diskou a nan langaj pa yo ni yo pa ranje l nan lòd pa yo. Yo egzamine l pou yo byen konprann ki pwen ki pwen prensipal yo e pou yo konprann fason yo devlope yo. Yo repete diskou a awotvwa jiskaske yo kapab bay li pandan y ap mete aksan kote yo dwe mete l. Yo chèche bay li yon fason ki chofe e ki vivan. Yo fè sa avèk santiman, avèk konviksyon e yon fason ki sensè. Yo itilize yon volim vwa ak yon ton vwa ki apwopriye pou yon gwo asistans.

Yon frè yo bay fè yon diskou apati yon plan gen responsablite pou l rete kole sou plan yo ba li a lè l ap devlope ide yo. Olye pou l li plan an oswa pou l prepare l tankou se te yon diskou apati yon maniskri, li ta dwe prezante l yon fason ki natirèl e avèk tout kè l. Li enpòtan pou l respekte tan yo ba l pou l fè diskou a e pou l prezante chak pwen prensipal yo yon fason ki byen klè. Li dwe byen sèvi ak ide ansanm ak vèsè yo itilize pou devlope pwen prensipal yo. Li pa dwe mete ide pa l nan plas ide ki nan plan an. Se Pawòl Bondye a ki baz ansèyman l ap bay nan diskou a. Ansyen yo ki nan kongregasyon an gen responsablite pou yo “preche pawòl la”. (2 Tim. 4:1, 2.) Kidonk, yon oratè dwe bay vèsè ki nan plan diskou a yon atansyon espesyal, li dwe rezone sou vèsè yo e li dwe fè aplikasyon vèsè yo pou moun k ap koute l yo.

Pa di w a gen tan

Èske w ap sèvi nan yon kongregasyon kote w gen anpil okazyon pou w fè diskou? Ki jan w ka fè pou w byen travay chak diskou w genyen? Pa prepare patisipasyon w yo nan dènye moman.

Pou w fè diskou w yo yon fason k ap vrèman pwofitab pou kongregasyon an, sa mande pou w byen reflechi sou yo alavans. Se sa k fè, pran abitid li diskou w yo kou w resevwa yo. Sa ap ede w reflechi sou yo pandan w nan lòt aktivite. Pandan jou ak semèn k ap pase anvan w fè diskou w la, ou ka tande kòmantè k ap ede w wè pi bon fason w ka aplike enfòmasyon yo pou moun yo. Gen sitiyasyon ki ka vin parèt k ap montre w enstriksyon an vini nan bon moman. Sa mande tan pou w li enfòmasyon nan yon diskou yo ba w fè e pou w reflechi sou yo tousuit apre w fin resevwa asiyasyon an, men lè w fè sa, se pa tan w ou pèdi. Finalman, lè w pral prezante diskou a, w ap jwenn anpil byenfè lefètke w te reflechi sou li alavans. Lè w fè yon preparasyon konsa anvan w fè patisipasyon w lan, sa ap redui kantite strès ou genyen e sa ap ede w prezante enfòmasyon yo yon fason k ap touche kè moun ki nan kongregasyon an e k ap itil yo.

Tank ou bay privilèj Jewova ba w pou w patisipe nan pwogram ansèyman l ap bay pèp li a anpil valè, se tank w ap onore Jewova e w ap pwouve ou se yon benediksyon pou moun ki renmen l yo. — Iza. 54:13; Wom. 12:6-8.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje